« Dieu et l’Etat » yon liv Michel Bakounine ekri
« Dieu et l’Etat » se yon esè politik ki pibliye pou premye fwa nan vil Jenèv nan lane 1882, sou direksyon editè epi tradiktè Carlo Cafiero ak Élisée Reclus nan enprimri « Jurassienne » apre lanmò otè a (li se yon zèv postim). Se Michel Bakounine ki ekri liv sila, li se pansè anachis, materyalis epi sosyalis revolisyonè.
Bakounine wè jou 30 me 1814 nan peyi Wousi (Priamoukhino) epi li mouri premye jiyè 1876 nan peyi Swis (Berne). Enterè prensipal li nan ekriti se te filozofi politik ak sosyoloji. Li t ap swiv tras pye Hegel, Ch. Fournier, Louis Blanc, Cabet epi Proudhon. Li menm tou, li te rive enfliyanse anakosendikalis yo ak ilegalis yo. Li ekri plizyè lòt liv ankò : « Catéchisme révolutionnaire (1866), « Etatisme et anarchie » (1873), « La révolution franco-allemande et la révolution social en France » (1870-1871), « L’empire knouto-germanique et la révolution sociale » (1870-1871).
« Dieu et l’Etat » se liv otè a ki plis enfliyan. Li tradui deja nan plis pase 40 lang. Nou ka site : anglè, alman, polonè, pòtigè, tchèk, woumen, neyèlandè, yidich, ris, nòvejyen, chinwa, japonè… li konnen plis pase 90 edisyon, majorite ladan yo reprann menm vèsyon 1882 a. Nan lane 1883, anachis ameriken Benjamin Tucker tradui vèsyon amande Reclus a nan lang anglè epi l distribye l sou fòm bwochi nan Boston. Fòk nou soulve tou, nan lane 1895, lè Max Nettlau te fè parèt nan edisyon « Stock » premye volim « œuvres complètes de Bakounine », li te pibliye yon tèks ladan l ki koresponn ak paj 286-340 maniskri a. Pou yon rezon ki rete enkonpreyansib pou tout moun, li te deside rele moso a « Dieu et l’Etat ». Yon aksyon ki pral fè yo pale de yon segonn tèks « Dieu et l’Etat » e ki pral mete konfizyon tou ant li menm ak vèsyon Reclus a.
Anndan liv « Dieu et l’Etat » a Bakounine trete yon seri tèm tankou : Bondye, Leta, Lasyans, Libète, Relijyon, elatriye. Pou li, relijyon se yon foli kolektif, se sous mizè, lesklavaj, lagè. Kanta Leta a, li opoze l kareman kont lide sa menm jan ak lide Bondye a, li di nenpòt chapo Leta a te ka pote l ap toujou rete yon sistèm dominasyon k ap kreye san kanpe elit li epi privilejye l. Pou sa, fòk yo ta elime koze Leta a. Bakounine moutre a klè pozisyon ateyis li nan liv sa, sitou lè l di : « Bondye egziste, donk moun esklav. Moun lib, donk Bondye pa egziste. » Li menm ale pi lwen pou l vire fraz Voltaire a ki di : si Bondye pa t egziste yo ta dwe envante l. » pou l di : « si Bondye egziste fòk yo ta elimine l. » Paske pou li, lide Bondye a anpeche moun nan epanouyisman yo, li anpeche moun jwi libète yo genyen. Malgre tout flè li te voye pou lasyans, sa pa t anpeche l jwenn kritik pa l. Pou li, veritab misyon lasyans se ta eklere wout la. Li kwè yon bò, lasyans endispansab pou òganizasyon rasyonèl sosyete a ; yon lòt bò li rete kwè lasyans enkapab pou l enterese l ak sa ki reyèl epi vivan.(Yon antinomi). Pou antinomi sa ta rezoud, fòk syans lan ta soti nan kad bagay yon ti klan boujwa, fòk se ta pwoprite tout moun.
Pou n fini, nou ka di « Dieu et l’Etat » se yon liv ki enteresan anpil. Li fasil pou li. Ekriti a senp. Pa gen twòp gwo konsèp ki pou anbarase konpreyansyon yon moun. Presizyon ak konsizyon se bagay ki pa manke. Bakounine byen chapante agiman l yo. Menmsi w pa ta retwouve w nan pozisyon l lan w ap twouve yon lojik nan sa l di yo. Youn nan konsta m fè nan liv la, m remake otè a tranchan anpil nan agiman l yo. Se ak yon seri fraz piman bouk li kritike Bondye, relijyon, Leta, Lasyans. Gen yon pi gran ki te di lè w ouvè yon liv pou w li se yon gwo risk ou pran; risk pou w antre anndan liv la yon moun epi soti yon lòt moun. Ebyen, li “ Dieu et l’Etat” se pran yon risk pou w pa ta tounen yon ate, yon revolisyonè, yon anachis…
Chrisvinan JOSEPH (Christo)
