Grégory Forestal (Malaba Pitit Plim)

Se nan ane 2013 lwa literati sele ekriven an pou premye fwa, depi lò li anbrase jan literè, tankou Pwezi, Kont ak Lodyans pou l mennen vwa sila kouraj bay do yo pi lwen, epi met kouch penti pa l sou twal literè pèp ayisyen an. Yon aksyon li sanble pa regrèt jouk jounen jodi paske nan chak mo li akouche, yon krèy jwa anvayi l jouk nan zo.

Adlyne Bonhomme

Jeneralman, nan pwezi ekriven an vè yo kout kout, men chak silab charye bon ti mizik, lanmou, senserite ak kreyativite. Dayè, se yonn nan eleman ki karakterize ekriven an “akouche tèks ki kout, men ki long nan bèlte yo charye”. San bliye, ekriven an  bay tèt li misyon pou li travay sou lang lan, koumanse nan chak grenn son, pase pran silab, pase pran mo jouk rive nan dènye vè ki ap layite nan zèv la

Lang ekri fas lang pale

. Kontrèman ak sa anpil lòt chèchè fè konprann, pou li, se lang ekri a ki sèvi sous pètibasyon pou sistèm kominikasyion an, nan sans li vin bride vitalite lang oral la. Nan yon pwennvi filozofik, lè yon dyalèk vin tonbe nan nivo lang literè, li sèvi yon aksidan grav pou sistèm kominikasyon an (Paris, 1868 : 158).

Etid sinonimi nan chan leksikal « rad » an Kreyòl Ayisyen

Rezime
Nan atik sa a, nou etidye tèm sinonimi an Kreyòl Ayisyen, nou gade sou kisa li chita e ki paramèt ki enpotan lè n ap pale de sinonimi nan lang sa. Nou moutre sinonimi egziste an Kreyòl Ayisyen gen anpil rapò ak lòt fenomèn k ap pase nan lang lan nan nivo semantik. Fenomèn sa yo se: Sans denotatif / sans konotatif, polisemi, chanjman sans. Nou moutre tou egzistans ni sinonimi relativ, ni sinonimi dirèk la.

Jan naratif

Nan analiz yon tèks literè, li toujou enpòtan pou nou byen konprann pwosede ekriti ki itilize a, anba jan literè tèks la koube, men tou, ansanm pwosede teyorik ki lyannen chak pwen sa yo. Nan travay sila , nou ap prezante ou lis eleman ou ta dwe konnen oubyen egzamine si tout fwa ou ap analize yon tèks ki koube anba jan naratif.