Grégory Forestal (Malaba Pitit Plim)

Se nan ane 2013 lwa literati sele ekriven an pou premye fwa, depi lò li anbrase jan literè, tankou Pwezi, Kont ak Lodyans pou l mennen vwa sila kouraj bay do yo pi lwen, epi met kouch penti pa l sou twal literè pèp ayisyen an. Yon aksyon li sanble pa regrèt jouk jounen jodi paske nan chak mo li akouche, yon krèy jwa anvayi l jouk nan zo.

Adlyne Bonhomme

Jeneralman, nan pwezi ekriven an vè yo kout kout, men chak silab charye bon ti mizik, lanmou, senserite ak kreyativite. Dayè, se yonn nan eleman ki karakterize ekriven an “akouche tèks ki kout, men ki long nan bèlte yo charye”. San bliye, ekriven an  bay tèt li misyon pou li travay sou lang lan, koumanse nan chak grenn son, pase pran silab, pase pran mo jouk rive nan dènye vè ki ap layite nan zèv la