Se antre Pri literè yo. Men, ki vokasyon yo menm ?

Ane 2021, se Frantzley Valbrun ki te pran Pri sila a.

Depi 2019, Sant Etid ak Rechèck KreyoLiti (SEREK) kreye pri sila pu rekonpanse chak ane yon jèn otè ayisyen ki ekri yon tèk powetik yon manm jiri ki solid apwouve. Pri sila se yon pretèks pou ankourje plis jèn lokitè kreyolofòn ayisyen pwodui nan lang manman yo ki se kreyòl ayisyen an. Chak ane, Pri a rekonpanse 3 jèn otè.

Suzanne Comhaire Sylvain, premye fanm lengwis  epi antwopològ nan peyi dAyiti

Suzanne ak mari li Jean Comhaire rive konstwi yon katalòg enpòtan kote yo mete kont ayisyen yo nan rejis oraliti fòlklorik ayisyèn ak nan kilti kreyòl yo an jeneral. Nan lane 1936 li menm rive soutni nan inivèsite Sòbòn tèz doktoral li sou kont ayisyen yo. Anpil gwo zotobre nan domèn antwopoloji tankou Jean Price Mars, Alfred Métraux rive salye travay enpòtan li t ap mennen yo.

Teyori sou jenèz kreyòl

Nan tout bon lojik, prezans pil esklav ki soti nan yon peyi kèlkonk nan yon moman te gen kolonizasyon pa vle di :
1- Yo tout te pale menm lang ;
2- Yo te konn itilize lang sa pou tout echanj ;
3- Itilizasyon lang sa tou gen konsekans dirèk sou kreyòl la : Lang sa te ka la depi anvan yo ateri sou zile a ; relasyon travay sifi pou fè yo itilize yon lòt lang, elatriye.

 Lansman 2yèm edisyon Pri Pwezi Kreyoliti

Pri Pwezi Kreyoliti a pati pou yon dezyèm edisyon. Responsab yo kenbe tennfas objektif yo ki se ankouraje plis pwodiksyon fèt nan lang kreyòl ayisyen an epi dekouvri plis jèn k ap fè travay kreyasyon latizay serye nan literati, se sa direktè jeneral SEREK la, Marvens A. Jeanty, fè konnen. Dirijan presize se sèl powèt ayisyen ki ap viv sou bout tè peyi Ayiti ki ap kapab patisipe.

Lang ekri fas lang pale

. Kontrèman ak sa anpil lòt chèchè fè konprann, pou li, se lang ekri a ki sèvi sous pètibasyon pou sistèm kominikasyion an, nan sans li vin bride vitalite lang oral la. Nan yon pwennvi filozofik, lè yon dyalèk vin tonbe nan nivo lang literè, li sèvi yon aksidan grav pou sistèm kominikasyon an (Paris, 1868 : 158).

Etid sinonimi nan chan leksikal « rad » an Kreyòl Ayisyen

Rezime
Nan atik sa a, nou etidye tèm sinonimi an Kreyòl Ayisyen, nou gade sou kisa li chita e ki paramèt ki enpotan lè n ap pale de sinonimi nan lang sa. Nou moutre sinonimi egziste an Kreyòl Ayisyen gen anpil rapò ak lòt fenomèn k ap pase nan lang lan nan nivo semantik. Fenomèn sa yo se: Sans denotatif / sans konotatif, polisemi, chanjman sans. Nou moutre tou egzistans ni sinonimi relativ, ni sinonimi dirèk la.