Koutje sou mo «Gee» nan kreyòl ayisyen an : yon analiz semantik ak sosyolenguistik

Se vre atik sa a pote nouvo kichòy pou nou ogmante konesans nou, antouka nou espere, men li gen limit li tou. Si nou di fason jèn yo itilize mo «G» oswa ekspresyon «an G» pa gen anyen pou wè ak sans orijinèl la, an reyalite nou pa gen ase done sou lokitè anglofòn yo, sitou nan pale enfòmèl yo, pou nou rive fè gwo deklarasyon sa a. Toutfwa travay sa a rete pètinan puiske rechèch nou fè yo rete nan nivo rap sèlman.

Analiz nosyon sibjektivasyon « subjectivation » an kreyòl ayisyen : ka pèsonaj Pa anmède l ak Kolera.

Atik sila se yon analiz sosyolengwistik ki va pèmèt lokitè kreyolofòn yo pi byen konprann nosyon sibjektivasyon an kreyòl ayisyen. Nou ekri li nan lide pou pote plis limyè ak esplikasyon sou nosyon an pandan nou konsidere kèk egzanp ki konkrè e nou ap viv nan kotidyen nou. Se rezon sa tou ki fè nou chwa santre li sou de (2) pèsonaj ki viral sou rezo sosyal yo depi kèk tan (Pa anmègde l epi Kolera) e ki prezante egzanp konkrè fenomèn nan. Anpil moun viv sitiyasyon kote konsèp sibjektivasyon an parèt aklè, men pou yon rezon oubyen yon lòt, yo pa ka rive dekouvri sa. 

“ZUZU” AN KREYÒL AYISYEN: DESKRIPSYON LENGWISTIK AK SOSYOLENGWISTIK

Nan kad atik sa a, nou te gen pou dekri mo “ZUZU” nan kad lang kreyòl ayisyen an, yon mo ki itilize anpil nan sosyete ayisyen an. Nou te konstate se youn nan mo prete ki itilize ak divès chaj semantik men ki rete ak yon defisyans nan nivo lengwistik, espesyalman sou plan mòfofonolojik. Selon prensip fonksyònman lang kreyòl ayisyen an, “ZUZU” konpòte swa tankou yon pitit rebèl swa tankou yon pitit deyò. Depi w tande yo di l oubyen yo ta tante ekri l, w ap wè kategorikman gen bagay ki pa fin kòrèk, sitou pou sila ki fòme nan domèn lengwistik yo.

Literati ak ti moun

Etid sila fè konnen, gras liv odyo yo, anpil ti moun ak adolesan rive gen aksè a literati san yo pa fè twòp gwo jefò. Nenpòt nivo kapasite lekti yo, nenpòt nivo kapasite ekri yo, kontak sila devlope vokabilè yo, li ranfòse kapasite imajinasyon yo, e li menm mennen yo dwat nan chimen lekti, bon lekti a.

Literati ak Lagè

Pa twò lontan la, jounalis literè parèt nan ane 70 yo, avèk kèk esè ki chita sou aktyalite ak analiz. Sou lagè 6 jou a, lagè Gòlf la, lagè Irak oubyen Bosni an.. e talè konsa, n ap gen sou lagè Ikrèn.
Jounen jodi a, enfòmasyon tèlman sikile rapid, sa menm pèmèt nou asiste lagè k ap fèt yo an dirèk sou televizyon ak rezo sosyal la, sa ki tou bay literati a yon nouvo wòl pou l jwe.

Literati ak Entelijans atifisyèl

« The road » toujou rete premye liv entelijans atifisyèl rive ekri nan lane 2018. Pou sa te fèt, te genyen yon Cadillac, yon GPS, yon mikwofòn, yon kamera siveyans, yon revèy. Tout sa yo konekte nan yon entelijans atifisyèl jis liv la rive louvri. Yon bon resi te rive pwodui, li rakonte istwa yon ‘’road trip’’ ki pase Nouvelle-Orléans nan New-York.