Nan ribrik « Ann dekouvri otè kreyolofòn yo » Kreyoliti kontan prezante piblik la : Philippeson JUSTE

Finalis Pri Entènasyonal Léopold Sédar Senghor pou ane 2025 lan, Philippeson JUSTE ki gen pou non Plim : Mapou lib e libè wè premye jou li 26 avril 1998 nan Vil Jeremi ki nan Depatman Grandans Ayiti. Pou moman  an li ap etidye lamedsin nan Fakilte Syans Medikal nan peyi Kiba. Bò kote lanmou li pou koze laswenyay, Mapou lib e libè se yon tizè literati, li koumanse ekri depi l ti katkat jouk pasyon an rive fè rasin. 

Se Lanmou l pou literati ak anvi rakonte istwa pèp li ki plis motive Mapou lib e libè . Esperyans lavi a, bèlte Ayiti, ak pwoblèm sosyal ki bezwen yon vwa se prensipal sijè ki atire powèt la. Epi tou, pou li, ekriti se yon sipò, yon poto pou simonte pwoblèm l ap fè fas chak jou ki rele jou.

Powèt la deklare  Ayiti se yonn nan sous enspirasyon fondamantal nan ekri li yo. Lanmou, soufrans, ak lavi nan peyi a enfliyanse anpil nan tèks li yo. 

E pou sa k konsène Jan literè yo, Mapou lib e libè fè konnen li plis ekri pwezi , e Pwezi li yo melanje estil lirik, angajman sosyal, ak yon ti kal sireyalis. Li renmen sèvi ak metafò, oksimò, epi chyas pou tradwi emosyon ak reyalite konplèks zèv li yo charye. 

Powèt la tèlman pwodwi, li  pa ka konte konbyen tèks li ekri deja. 

Men li gen de (2)  rekèy ki pibliye deja epi anpil tèks soti nan revi, jounal, antoloji , elatriye…

Tèks ki pibliye deja yo se : « Bout Souf » ( Desanm 2024), Yon rekèy powèm kreyòl lirik ki pibliye nan Edisyon PapyeNèf nan Pòtoprens;

« ¿ Sobrevivirán las aliblancas palomas ? (2024), » nan editoryal Colección Sur, ki pibliye Kiba.

Mapou lib e libè  se Kòdonatè jeneral klèb lekti Mèb Sèvo. Daprè li, anbyans lan bèl anpil , kote manm yo pataje ide, diskite liv, epi fè pwomosyon literati nan kominote a. Pou moman an l ap travay sou pwojè ki valorize kilti kreyòl la pandan l ap pibliye plis rekèy powèm kote l ap entwodui nouvo eleman vizyèl, tankou fotografi nan travay li yo.

Powèt la rete kwè « Ekriti se yon zak libète. Tout sa yon moun ekri, li kreye yon espas kote rèv, memwa, ak esperans ka viv ansanm. Li swete tout frè ak sè Powèt li yo kontinye kenbe plim nan fèm, paske li se zam kont silans. »

Lyen Prensipal:

https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Philippeson_Juste

mapoulibelibe.com

Atik ki ekri sou Philippeson Juste

1-

https://lenouvelliste.com/article/250281/philippeson-juste-poete-et-medecin-haitien-a-cuba

2-

https://lenouvelliste.com/article/245466/philippeson-juste-yon-vwa-kreyol-nan-peyi-kiba

3-

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=2075

4-

https://izuba.net/philippeson-juste-poete-et-medecin-haitien-a,13121313.html

5-

https://www.potomitan.info/ayiti/fouad/juste_philipenson.php

6-

https://bitin.fr/caraibe/2180935-philippeson-juste-poete-et-medecin.html?debutsyndics=18

7-

8-

https://hpost5.com/regard-sur-philippeson-juste-poete-photographe-et-medecin

Atik sou diferan zèv powèt la

1-

https://hpost5.com/bout-souf-un-recueil-de-poemes-de-philippeson-juste-dit-mapou-libelibe

2-

https://lenational.org/post_article.php?cul=2009

3-

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=2217

Distenksyon ak pri

1- (Prix découverte Élise Bisschop)

https://www.elicite.fr/post/lauréats-du-prix-élise-bisschop-2024

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=2075

2- (Premier prix de la poésie Plousgasnou)

https://hpost5.com/un-ecrivain-haitien-remporte-le-premier-prix-du-concours-de-poesie-a-plougasnou/?fbclid=IwZXh0bgNhZW0CMTEAAR3cb-leyy-H_t98MjhSudjjYT5qojJTDpjOjzPajK5RC7ZMGjniGE_JNOg_aem_zcfPInH7IizscGCnn9i74A

https://www.foyerruralplougasnou.fr/page/2955800-actualites

https://www.plougasnou.fr/wp-content/uploads/2024/10/Palmares.pdf

https://www.letelegramme.fr/finistere/plougasnou-29630/decouvrez-qui-sont-les-laureats-du-concours-de-poesie-organise-cet-ete-a-plougasnou-6682511.php

https://hpost5.com/regard-sur-philippeson-juste-poete-photographe-et-medecin

https://lenouvelliste.com/article/250281/philippeson-juste-poete-et-medecin-haitien-a-cuba

3-

(Finaliste Prix de la poésie ADAN_ Auteurs des Hauts-de-France 2024)

https://adan5962.e-monsite.com/pages/prix-du-roman-adan/2024-5e-edition-prix-de-la-poesie-reglement-et-acte-d-engagement-.html

https://adan5962.e-monsite.com/medias/files/le-nouvelliste-entretien-avec-juste-phiippeson.pdf

Lòt detay

https://c3editions.com/media/rubric/docs/content_1726692131-c3.pdf

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=1650

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=1717

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=1784

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=1845

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=1882

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=1963

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=2031

Estrè Bout Souf:

Di peyi a pou nou

bò isit

lafimen vante yon sèl bò

Di peyi a pou nou

pa bò isit

tout leve solèy gen fòs kote 

tout reyon lalin mi wo mi ba

Grangou lari a bat lang sou nou

lanmizè djondjon-djondjon

lakay kraze zo po zye

nou pote chapo a demi ma

di peyi a pou nou

tanpri

legzil pote non pinnga chen

Philippeson Juste

Ekstrè liv _Bout souf_ , 2024

Edisyon Papye9

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay ak yon politik lengwistik ak jèvrin

Marvens JEANTY

1e mas 2025