Nan Ribrik « Ann dekouvri otè kreyolofòn yo » Kreyoliti kontan prezante piblik la Frantzley VALBRUN.
Frantzley VALBRUN ki te pran Pri Pwezi Kreyoliti nan lane 2022, gen ti non plim « Konpè Konsèy »wè jou 10 jen 1997 nan Komin Vèrèt ki sou Depatman Latibonit peyi dAyiti. Li etidye Antwopo-sosyoloji, men tou li se yon pasyone nan zafè literati. Dayè, li koumanse ekri depi lane 2017. Frantzley Valbrun ret kwè rapò li genyen ak ekriti se yon bagay natirèl paske li tonbe damou ekri depi lè li te lekòl klasik kote nan tout kaye l te gen yon bagay ki ekri menm li li pa t toujou ka byen konprann yo. Menm jan ak anpil ekriven, prensipal sous enspirasyon Frantzley l se lanati epi esperyans li viv nan lavi l chak jou ki rele jou.
Frantzley ekri plizyè Jan literè, men li plis pwodui pwezi. Li ekri plis pase sis (6) liv deja ki pibliye nan plizyè edisyon. Li pibliye twa (3) rekèy Ayiti : Makòn Dan ( Imprimerie CIMO, novanm 2017) ; Kolye an denmon ( Les éditions Floraison, 2019) ; Mo pou timoun renmen apre lapli ( les éditions Couleurs d’encre, septanm 2024).
Kòm pwojè literè, Frantzley ap travay sou yon nouvo rekèy ki gen pou pibliye Lafrans nan koumansman ane 2025 lan, nan « les éditions Recto verso », sou tit « Au pays des verbes, poème infecté ». Tèks la ta dwe pare pou antre Ayiti an fevriye 2025 k ap vini la.
Pou konfime enplikasyon li nan monn literè a , Frantzley chwazi ofri sèvis li kòm manm Sosyete Koukouy Santo Ayiti ki, daprè li menm, ta se pi gwo ak pi ansyen sosyete literè ayisyen. Depi plizyè lane li se pòt pawòl branch Ayiti a. Pou li se yon bèl esperyans paske li pa sispann aprann nan domèn nan epi sou batay pou lang ayisyen an vin sa li ye jounen jodi a nan monn lan. Pou li menm, Sosyete Koukouy se yon espas literè ki gen yon manman istwa dèyè l ki marande ak lang tout ayisyen alawonnbadè pale a.
Kòm konsèy, Frantzley swete frè plim li yo kontinye byen travay nan lide pou rann ekriti a vin pi vivan e aksesib nan sosyete kote yo ap viv la e menm alawonnbadè paske ekriti pa gen fontyè e li ka transfòme lavi moun. Antanke ekriven literati ba yo pouvwa sa.
Ann li kèk estrè powèm Otè a :
27
Nanpwen powèm chèlbè pase nou
nou poze n kou ma silans
n ap jofre entimite zetwal
Kanmarad ! nou se powèt loray
souri n pa envalib
se foto k souri pou nou.
Ki mele n kamera fache
se nou k bay letènite jarèt.
Chak jès nou desinen sou legzistans
s on lèt tou louvri
mo yo adrese bay lavi.
Sispann fè manti sou powèm
moun fou se souf derechany lavi prete n
Estrè « Mo pou timoun renmen apre lapli », paj 27
Cheri
si w ap chache jan pou renmen m
tanpri pa renmen m pou kò w
renmen m ak yon bri kè
renmen m tankou yon ti bebe
ki fenk ap fè dan
renmen m san ren
san men
renmen m
jouk tan tout swè nan kòm tounen sèl
Estrè « Mo pou timoun renmen apre lapli », paj 28
Bote w se piga chen
K ap jofre paradi san konfesyon
Sou zile lapli
tout jès se lò
mès tout jès se dlo je
mo yo gen sant fouk
Nan lèt simityè adrese bay lavi
lanmou tèt nan sak
renmen sou beki
chak apostwòf
s on vale kalvè n ap monte
(Paj 29)

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay
KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin
Marvens JEANTY
25 janvye 2025