Nan ribrik « Ann dekouvri otè kreyolofòn yo » Kreyoliti kontan prezante piblik la Andremann PIERRE.

Andremann Pierre ki gen pou non plim « Zanj Pwezi » fèt nan vil Lewogán Ayiti, nan Site Rèn Anakawona nan dat ki te 23 septanm 1978. Li etidye  finans nan pwogram administrasyon nan yon kolèj Etazini. Bò kote konesans li nan zafè finans, Andremann se ekriven epi Powèt e li pran plezi nan fè ilistrasyon pou pwòp liv li yo, pou liv kèk fanmi ak zanmi tou. 

Adremann kòmanse ekri pwezi depi tou piti lekòl nan klas uityèm ak nevyèm ane fondamantal yo. Apre sa li ta pral manm yon gwoup RAP ki rele ‘’K-LAMI-T, kote li te youn nan eleman enpòtan pou tèks kreyòl gwoup la. Li  te jwe wòl administratè ak manadjè pou gwoup la, an menm tan li te konn rape tou.

Andreman rete kwè se depi tou piti li renmen jwèt  mo. Jwe ak mo se te yonn nan pasyon l, se youn nan rezon tou ki vin lakoz li te renmen mizik rap yo. Libète mouvman rap la ofri pou moun jwe ak mo yo te lemante l. rive renmen jwe ak mo oubyen koumanse ekri pwezi lekòl pa t ap sifi pou l devni  ekriven jounen jodi a, daprè sa li fè konnen. Kolaborasyon ak Jean Yves Alliance (non atis Messiah Brown) te koumanse ouvri zye li plis nan ekriti. Messiah se te yon machin pwodiksyon nan gwoup la men atizay kreyòl li te limite paske li te pase plis tan li nan peyi Lafrans nan moman lòt moun nan gwoup la te rankontre l la. Messiah ta pral aprann Andremann non sèlman teknik pou ekri yon mizik men tou li te gen paran li ki te voye anpil liv soti Lafrans pou li, kote Andremann te gen aksè pou l te li nenpòt kalite ou fòm ekriti li te ye menm si gen anpil ladann yo tankou liv klasik yo ak ouvraj pou pwofesè yo, li potko rive nan nivo pou l konprann yo. 

Aprè, pou  premye pwojè yon rekèy pwezi ‘’TWA LO KOZE” (EDITIONS RUPTURES) te pibliye, te gen ladan l de (2) lòt lanmoure pwezi  « Islande Andre ak Jeffrey Celius ». Andremann ta pral koumanse konprann li dwe pran ekriti pi serye, men seriz sou gato a se pandan vizit li ann Ayiti pou vant sinyati liv TWA LO KOZE a, pwofesè Jean Rony Cineus ta pral fè l kado 6 zèv li. Kote pami yo te gen: FAUSSE BIOGRAPHIE (Yon esè), MOVE RÈV (woman), elatriye. Aprè l te fin li MOVE RÈV ide pou l te ekri yon woman t ap satiyèt li anpil. Li te rive ekri uit ou dis chapit nan venteyen chapit tèks la ta dwe genyen li voye pou pwofesè a. Tèks la te travasè editè a tèlman li te resevwa koreksyon an byen vit. Yon fason li panse tou pou l te ka ankouraje kontinye ekri istwa a. Malerezman, kouran ide a te dekonekte pou l te kontinye ekri tèks pwofesè ou editè a te kalifye ki finalman konekte a . Andremann ta pral pran yon gwo poz sou tèks la  nan lane 2017 pou jis li ta pral ekri plizyè chapit mete sou lòt chapit ki te gentan korije pou finalize projè liv woman PITIT DEMANBRE a sou 7 lanne.

Andremann pa kwè li se mèt enspirasyon l, se youn nan rezon li pa reyaji konsa konsa sou chemen ekriti. Jiska prèv kontrè li rekonèt li pa posede monopòl savwa, yon fason pou l toujou chèche chemen yon editè avan l pibliye nenpòt kalite zèv la. Otè a ret kwè anpil fwa enspirasyon konn vini nan antouraj nou , anndan sosyete a, men tou nou dwe pridan pou sitiyasyon grav yo pa pouse nou fòse ekri sou fistrasyon ak emosyon ki pa respekte prensip ekriti ou estanda kèk fwa. Se yon jeni k ap pote enspirasyon ki souvan anime Atizan yo. Andremann  souvan tann jeni an, rete tann sitiyasyon kote jeni an pral pouse l ekri ou dokimante l. 

Otè  a  pa gen yon moman prefere oubyen yon pi bon moman pou l ekri, men li konn plis retwouve l nan nuit nan moman tout moun ap dòmi kote li pou kont li pou li ekri. Li poko janm ekri anyen tou sou papye tankou zèv, pou l ta di li te dòmi reve li. Li pa inyore egzistans yon sous enspirasyon,  li men li poko viv li pèsonèlman. 

Andremann pibliye pwezi ak woman, e nan pa twò lontan  lektè yo kapab jwenn yon nouvèl ‘PITIT DEMANBRE”, ansuit yon lòt gwo pwojè difisil k ap yon esè ‘’ANTENWA”. Daprè otè a Konsomasyon zèv yo enpòtan anpil pou fasilite plis pwodiksyon konsa tou kalite pwodui yo enpòtan pou ede vin gen plis lektè chak jou. Liv sipoze vini yon zèv kote moun ki li l la dwe ankouraje l epi mande yon zanmi si li fè konesans ak zèv sa. Se tankou yon fim enteresan, yon bon zèv dwe vwayaje.

Otè a  ekri plizyè zèv men li prefere pale sou 4 kounya. Li  pibliye de (2) zèv epi li gen de (2) lòt pou kounya l ap travay sou pwochen piblikasyon yo. Pou rès yo li prefere pa pale sou yo paske se poko zèv ki chita. ”TWA LO KOZE”  pibliye nan ‘EDITIONS RUPTURES’ nan ane 2016;  ‘’PITIT DEMANBRE” se li ki pibliye li nan ane 2024.

Kòm pwojè pèsonèl, Adremann se inisyatè Festi Liv ki daprè li menm se pi gwo pwojè ekriti li lanse malgre tout difikilte ki genyen. Inisyativ sila gen pou premye misyon regwoupe otè yo nan yon menm espas  gras ak teknoloji jounen jodi a tankou sa te konn ye nan tan lontan yo nan relasyon ekriven ak ekriven. Dezyèm travay la se yon ribrik (Yon otè, Yon plim) pou ede pwomosyon atizay yo.

Andremann se pami ekriven ki dakò Plim se yon mwayen pou egzèse kapasite entèlektyèl nou. Daprè li, chak fwa jeni an enspire n nou pa dwe neglije dokimante men anvan piblikasyon nou yo, li konseye n chwazi yon editè byen balanse ak lektè pou konfime  zèv la reponn nan nivo estanda pou li pibliye. Konsa tou nou va jwenn plis lektè, ki konsidere travay la k ap debouche sou yon gwoup ki renmen tout sa n produi. Wi, bon pwodiksyon kapab fasilite n gen fanatik. Pwodui mwens nan bon kalite pase n pwodui nan kantite ki pa reponn nan estanda. Otè a  fini pou l di n , Anpil nan nou ki pran angajman ekri gen kapasite men egoyis souvan enpeche nou kontakte yon editè kalifye pou soti zèv nou. Lakoz anpil bon ide gaspiye nan yon zèv san edite ou mal edite.

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay ak yon politik lengwistik ak jèvrin

Marvens JEANTY

8 fevriye 2025