Nan ribrik « Ann dekouvri otè kreyolofòn yo » Kreyoliti kontan prezante piblik la : Feguerson THERMIDOR ki gen non Plim: Fegg

Feguerson THERMIDOR ki gen non Plim Fegg wè premye jou li yon 9 jen nan Vil Gonayiv ki nan Depatman Atibonit Ayiti. Li etidye antwopoloji\ Sosyoloji nan fakilte Etnoloji, yonn nan antite Inivèsite Leta Ayisyen an, e li se Jounalis nan Le Nouvelliste.

Fegg kòmanse ekri depi lekòl klasik nan frekante bibliyotèk lekòl li te ye a: Collège Adventiste des Gonaïves ak lòt bibliyotèk nan vil la. Moman lekti sa yo te motive l plis pou l kontinye ekri jis sa vin tounen yon pasyon.

Pou Fegg, ekri se yon ijans parapò ak sa li viv nan anfans li. Siklòn Jàn ak mouvman GNB se de (2) evènman ki make anfans li,  ki kreye swaf ak anvi ekri  lakay li… Li viv yon anfans manke, li toujou pote nan yon pati nan li. Fegg toujou ap eseye rekoud anfans manke sa ak sa l ekri ki souvan pran fòm pwezi pou l esprime l.

Pou sa ki konsène sous enspirasyon an, Fegg fè konnen li ekri sa l viv ki se reyalite sosyal elatriye yon bann lòt moun. Pi souvan tèks li yo ekri an premye pèsòn sengilye. Sa li rele le”je pluriel ou le Je Nous”. Menmsi tèks yo nan premye pèsòn sengilye se reyalite, soufrans ak lapèn  tout yon kategori sosyal elatriye l ap dekri… non yon demach estetik ki toujou nan zèv li ki rele “Estetik doulè”.

Fegg plis pwodui pwezi, men pou moman l ap travay yon woman ki pa lwen pibliye, tit li se : Chambres souillées.Li pibliye tout zèv li yo ak kont editè. 3 powèm pou Leta #1, li pibliye nan edisyon Freda an 2017; Le sein gauche de la ville des Gonaïves est une cigarette, li pibliye an Kotdivwa nan GNK Éditions an 2018, ki pran pri meyè rekèy powèm an Kotdivwa epi liv sa nan 5 finalis pou l ranpòte Prix poésie africaine d’expression française, prix FIPA, Cantique d’un amour fêlé, nan Éditions du pont de l’europe Desanm 2018, Ma main est une phrase Suivi de Apologie de Nerva ki pibliye nan Éditions du pont de l’europe ki te nomine pou prix poésie de l’Académie française 2024 epi  an septanm 2024, li pibliye: TOUT POWÈM MWEN GEN YON SIMITYÈ ANBA WÒB, ( 3 Powèm pou Leta 2) nan editions papye9.

Fegg fè pati  plizyè òganizayon ak klèb literè. Li nan Centre PEN Gonaïves-Haïti, li se manm Sosyete koukouy- Ayiti epi li se Direktè Ha-friqueLittéraire k ap fè pwomosyon pou ekriven ayisyen, afriken frankofòn, ekriven kreyolofòn epi karayibeyen. Powèt la ret kwè literati se espas pou moun rankontre pou diskite… se toujou yon plezi pou l echanje ak pasyone literati menmjan ak li.

 

Fegg swete nou kontinye fè literati paske literati fè moun reve,  paske rèv ka sove lavi moun

Kèk lyen sou travay Fegg yo

https://lenouvelliste.com/article/245192/feguerson-thermidor-poete-a-lame-meurtrie

https://lenouvelliste.com/article/248024/exploration-poetique-du-recueil-de-poesie-de-feguerson-fegg-thermidor

https://lenouvelliste.com/article/245233/le-sein-gauche-de-la-ville-des-gonaives-est-une-cigarette-de-feguerson-thermidor

https://lenouvelliste.com/article/243390/ma-main-est-une-phrase-le-poeme-fleuve-de-feguerson-thermidor

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=2400

https://www.lenational.org/post_article.php?cul=2353

Yon estrè tèks Fegg

limanite manje idantite nou

lenfini blese souf mwen

yon ti bebe fenk fèt

pote doulè Pòtoprens sou vant li

kè m gwòs inosans timoun

k ap bay limanite manti ak kò yo

lannuit site non tout fanm twotwa joure

mezanmi m se Pòtoprens

ou se sèkèy

vil la se simityè

vin nou chante pou Leta non

Madan Kolo ooo

vin pise sou tèt vil la non

anvan letènite mare lonbray nou

men lannuit kaye nan kè

tout fanm ki pèdi kò yo

lonbray nou fè foto tan an

lari fimen souf nou

lanmou blese tan nan kuis goch li

fènwa bo inosans nou

van an detounen rèv tout fanm

syèl nou deplòtonnen rèv ki pèdi fren

mouri nan de plamen nou

simityè fè foto kò nou

se ak lonbray fanm

ti moun aprann bay manti

lè ri yo bliye laj yo

yon powèm madichon

pichkennen vil la nan talon

rèv nou gade doulè nan lonnvi

Estrè : TOUT POWÈM MWEN GEN YON SIMITYÈ ANBA WÒB( 3 POWÈM POU LETA#2) Paj, 17, 18,19

 

 

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay ak yon politik lengwistik ak jèvrin

 

Marvens JEANTY

 

30 mas 2025

Categories: Atik