Jèn ekriven ki akouche kokenn zèv literè ki batize «L’éternité des cathédrales » la,  Adelyne Bonhomme, fèt anba solèy Tigwav (Ayiti), nan « Palmes » pou n pi byen di. Yon ti espas ki tèt koupe ak bon paradi a paske se la tout ti zwazo aprann lanse premye kri, la dènye pye bwa anvi pouse, se la tou ou ka dekouvri bon koulè syèl ak kalte gouyad ki nan senti nyaj yo lè tan souri ba yo.

Ekriven an gen yon pasyon ki travèse tout lizyè pou literati, pou pwezi sitou, menmlè li dekouvri pwezi a yon ti jan ta nan vi li. Yonn nan bagay li sanble regrèt ! Yon mannyè pou  Adlyne Bonhomme konfime nou ka sèvi ak mo yo pou kanpe tennfas devan dezas ak katastwòf, li file pwofesyonalis li ak dinamis li byen file jouk li reyini yon trantèn otè parèy li epi akouche yon michan antoloji ki pote tit « Écrire pour ne pas oublier ». Daprè inisyatris kokenn inisyativ sila, travay sa te reyalize  pou salye memwa viktim ouragan Mathieu a. Yon ouragan ki te ekri doulè an majiskil nan kè dènye grenn ayisyen ! Antoloji sila te soti nan  Éditions de la Rosée , mwa me 2019, menm lè demach la te tanmen depi 2017.

Jeneralman, nan pwezi ekriven an vè yo kout kout, men chak silab charye bon ti mizik, lanmou, senserite ak kreyativite. Dayè, se yonn nan eleman ki karakterize ekriven an “akouche tèks ki kout, men ki long nan bèlte yo charye”. San bliye, ekriven an  bay tèt li misyon pou li travay sou lang lan, koumanse nan chak grenn son, pase pran silab, pase pran mo jouk rive nan dènye vè ki ap layite nan zèv la.

Prensipal zèv otè a:

Pwezi:

  • L’éternité des cathédrales. Gonaïves: Éditions de la Rosée, 2019.

Tèks ki parèt nan rekèy kolektif :

  • « La complexité de nos mains » Transcendance, recueil de poèmes. La Difference (Édition 2019). Lyon: Vivlio, 2019.
  • « Entre les mains du temps ». Voix de femmes, Anthologie de poésie féminine contemporaine. Textes sélectionnés par Dierf Dumène et Raynaldo Pierre-Louis. Port-au-Prince: Plimay, 2020.
  • « L’ombre d’un zombi », récit. Une soirée haïtienne, sous la direction de Thomas C. Spear. Montréal: CIDIHCA, 2020: 125-129.
  • Voir aussi les liens ci-dessous.

Liv otè a dirije:

  • Écrire pour ne pas oublier, sous la direction d’Adlyne Bonhomme. Pétion-Ville: Éditions Inferno, 2017.

Distenksyon literè otè a:

  • 2019     Nominée pour le Prix Maurice Koné, pour « La complexité de nos mains ».
  • 2019     Le prix de poésie des Éditions de la Rosée, pour L’éternité des cathédrales.
  • 2020     Parmi les lauréats du prix de la nouvelle « Le déjoué de mon quartier » organisé par les éditions C3, pour « Monologue d’un fou ».
  • 2020  Invitée d’honneur à konbit atis solèy (KAS), événement littéraire et artistique organisé à Cité Soleil.

Sous : http://ile-en-ile.org/bonhomme/

Marvens JEANTY

29 jwen 2021

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay !