Analiz nosyon sibjektivasyon « subjectivation » an kreyòl ayisyen : ka pèsonaj Pa anmède l ak Kolera.
Marvens JEANTY : Lisansye nan Lengwistik
Mo kle : Sibjektivasyon, idantite, sosyolengwistik, diskou.
Rezime
Atik sila se yon analiz sosyolengwistik ki va pèmèt lokitè kreyolofòn yo pi byen konprann nosyon sibjektivasyon an kreyòl ayisyen. Nou ekri li nan lide pou pote plis limyè ak esplikasyon sou nosyon an pandan nou konsidere kèk egzanp ki konkrè e nou ap viv nan kotidyen nou. Se rezon sa tou ki fè nou chwazi santre li sou de (2) pèsonaj ki viral sou rezo sosyal yo depi kèk tan (Pa anmègde l epi Kolera) , e ki prezante egzanp konkrè fenomèn nan. Anpil moun viv sitiyasyon kote konsèp sibjektivasyon an parèt aklè, men pou yon rezon oubyen yon lòt, yo pa ka rive dekouvri sa. Nan travay sila nou montre rapò idantite pataje ak sibjekvasyon pandan nou tante defini chak nosyon yo nan sousi pou byen kadre refleksyon an.
Nan kad Memwa nou te pwodwi epi prezante pou grad lisans nou nan Lengwistik ,nou te touche anpil konsèp, pami yo : sibjektivasyon ak idantite. Kòm kòpis la te baze sou twa liv egzat, sa te anpeche nou prezante lòt egzanp . Kidonk, atik sila sèvi pretèks pou nou pouse travay la pi lwen paske rechèch pa gen limit.
Entwodiksyon
Tout lang gen menm degre konpleksite, men chak lang dekri reyalite yo yon fason ki pwòp ak kilti, mès epi koutim lokitè ki ap itilize l la. Se ansanm faktè orijinal sa yo ki vin akouche nosyon idantite a sou yon ang sosyolengwistik, menmlè se yon nosyon ki parèt difisfil pou byen sezi l tèlman li bay posibilite pou konprann li plizyè fason an menm tan, soti nan yon domèn ale nan yon lòt. Edouard Glissant (1990) adrese nosyon idantite a sou yon ang sosyolojik kote li koumanse sou distenksyon Deleuze ak Guattari (1975) te fè sou nosyon an, kote yo te pale de idantite rasin ak idantite rizóm. Rasin pou pale de yon idantite inik kote endividi a idantifye tèt li san li pa konsidere lòt moun ki alantou li, epi rizóm pou pale de idantite ki miltip kote endividi a identifye tèt li non sèlman ak sa ki karakterize l, men tou nan rapò li pataje ak antouraj li. Se yon apwòch analojik si n ap gade sou imaj rasin nan ak yon plant rizomatik. Nan obsève, ann Ayiti depi kèk tan, yon dosye ki viral sou tout rezo soyal yo kote de (2) endividi moun pa t konnen vin popilè akoz yon diskou yo chwazi pote, sa ki tou lakoz yo vin konstwi yon lòt idantite . Nou estime li enpòtan pou n kesyone ki fenomèn ki ka esplike evènman sila ? Ki rapò ki genyen ant idantite ak diskou ? E kijan diskou ka fasone idantite ? Se seri entèwogasyon sa yo ki prezante fondman travay la, nou eseye reponn nan tout analiz la.
Konprann konsèp idantite
Idantite pa gen yon definisyon, men pito kèk apwòch. Chak otè nan syans sosyal ki enterese ak li konprann li yon fason . Daprè Brubaker et Cooper (2000), idantite se yon konsèp konplèks, sitou si nou ap konsidere itilizasyon teyorik li yo ki kouvri plizyè chan etid ak disiplin e ki mennen fasil nan yon pratik depaman. Nan konsepsyon sosyolojik li, nou ka konsidere idantite tankou pwodwi yon pwosesis sosyal Charles Hortons (1902), sa ta vle di yon demach ki pèmèt nou rive wè pwòp tèt nou nan lòt moun ki ap viv bò kote nou, oubyen nan tout lòt gwoup sosyalizasyon . Cooley ale pi lwen pou li di : konsepsyon nou gen sou pwòp tèt nou rive devlope gras reflè reyaksyon ak evalyasyon lòt moun ki bò kote nou prezante nan anviwónman sosyal nou ap viv la Gecas et Schwalbe (1983). Pou Wieviorka (2001), Idantite yon pèp se pèp la menm, se tout referans kiltirèl moun ki konpoze yon gwoup osnon yon kominote pataje ansanm ki fè yo santi yo nan menm gwoup la osnon kominote a, kit referans sa yo reyèl, kit se referans ki nan lespri yo. Kidonk, chak moun defini tèt yo non sèlman ak pwòp karaktè yo, men tou atravè opinyon epi ide antouraj yo gen sou yo. Gade idantite nan yon ang konsa ka mennen nou pale sou apwòch senbolik entèraksyonis George H. Mead (1863-1931), yon apwòch sikoloji sosyal akouche sa pa gen lontan, men ki rive enfliyanse pèspektiv sosyolojik nosyon idantite a, Mead (2001).
Rapò idantite ak sibjektivasyon
Nosyon sibjektivasyon an pa t konn twò itilize lontan, poutan li se yonn nan mo konnya ki pi itilize sitou nan travay sou sikanaliz ak sikoloji. Pale sou nosyon sila egzije nou site yon non tankou Raymond Cahn, yonn nan otè ki kontribye anpil nan vilgarizasyon li , Wainrib (1991). Pa gen yon definisyon egzat pou sibjektivasyon, men mo rasin ki fòme l se “sijè”. Nou ka wè li tankou yon apwopriyasyon oubyen yon pozisyon sibjektiv ki opoze tout deni (santiman pou ta rann antouraj ou jistis), tout klivaj (ide pou ta separe sou baz yon plan) e menm tout reyalite abstrè ou konkrè ki pa ale nan pozisyon sijè palan an (endividi a) Penot (1991). Pou Foucault (2001),nou rele sibjektivasyon tout pwosesis ki mennen kreyasyon yon sijè kote menm sijè sila sèvi eleman aktif nan pwòp kreyasyon l. Foucault rele kreyasyon sijè a sibjektivite.
Lè yon endividi fè fas ak ilizyon idantitè li souvan vle itilize yon diskou, rapò sosyal li, oubyen kèk aksyon li te poze pou li kreye yon pèsonaj fiktif epi tanporè jis pou rive defini tèt li. Pozisyon li pran ak diskou li adopte, menm lè yo sitiyasyonèl, tou rann li fè tèt li tounen sijè, e se la pwosesis sibjektivasyon an kòmanse. Yon endividi lanbda debake san konnen ki kote li soti epi tounen sijè santral nan echanj tout yon kominote. Se ka pèsonaj tankou : Andre Michèl, yon senp manm pati yon gwoupman politik ki chwazi yon bon jou idantifye tèt li pou avoka pèp san pèp pa okouran, epi kèk tan aprè chanje pozisyon ak diskou. Nou ka site tou, defen Prezidan Jovnèl Moyiz, tout moun te vin konnen sou ti non jwèt nèg bannann nan ki te vin tou sèvi l eslogan pou kanpay elektoral, men ki pa t janm egziste sou plan politik anvan sa, e ki te rive prezidan. Djimi Cherizye, tout moun vin konnen sou non Babekyou swiv menm chema a : yon senp polisye ki demisyone aprè kèk zak yo repwoche li, ki chwazi yon gwoup nèg ap zam li rele revolisyonè. Nou chwazi pa twò elabore sou egzanp sa yo paske yo pa sèvi nwayo analiz nou ap fè a.
Kreyasyon pèsonaj Pa enmède l epi Kolera
Sentaksikman nou ta ka wè, “pa enmède l” tankou yon sentag vèbal ki fòme ak : « pa » kòm makè negatif, anmède ki nan pozisyon vèbal epi « l » ki se fòm abreje pwonon pèsonèl sijè « li ». Li enpòtan pou nou soulinye kontras sila, pwonon pèsonèl sijè “li” nan “Pa enmède l” pa yon deyiktik paske li dezinye yon moun dirèk ki se Aryèl Anri. Lè nou di deyiktik nou vle pale de ansanm tèm ki gen sans yo sèlman lè yo plase nan yon sitiyasyon enonsyasyon. Nan kad travay sa « Pa anmède l » defini tou non yon pèsonaj ki gen pou vrè non Pòl Jewo Jan Batis. Menm jan, sou plan leksikosemantik nou ka konsidere « kolera » kòm yon mo ki nonmen yon enfeksyon epidemik kontajye oubyen yon maladi. Nan atik sila, kolera itilize pou idantifye yon endividi tou ki gen pou non Ti Pouch. Ki eleman ki fè sa rive posib?
Tout chanjman sosyal ka pote chanjaman lengwistik, e sa patisipe nan evolisyon ak orijinalite lang lan. Paregzanp, tranbleman tè 12 janvye 2010 ki te ravaje Ayiti pote mo « goudougoudou » ki alabaz ta ka jis yon onomatope, men ki vin gen anpil lòt konotasyon. Se menm bagay la pou tandans mizikal rabòday la ki vin ak mo « wana mache », epi ensekirite a ki vin ak mo « va ». Chanjman sosyal yo pa sèlman fè enpak sou lang lan, men tou sou endividi a pafwa. San bliye lang/diskou se yonn nan motè kreyasyon eleman idantitè. Pwa sosyal yo tèlman peze sou lokitè yo, sa konn rive yo bay yon moun pote non kote li soti a; pwodui li ap vann lan; tik li gen nan langaj li, elatriye. Se sa ki esplike yo rele yon moun Ti Gonayiv jis paske li soti Gonayiv osnon Ti Pòdepè paske li se moun Pòdepè. Otomatikman non yo bay endividi a kole, li tou sèvi yon trè idantitè. Kidonk, kreyasyon pèsonaj Pa anmède l ak Kolera dekoule de politikayri Ayiti ap konnen depi kèk tan kote tout moun bay tèt yo dwa pale sou tout sijè e menm fè tèt yo tounen sijè menm lè sa yo ap di yo ta san sans. Fason antwoponimik pou nonmen moun yo ka soti tou nan figi estil nou konnen sou non antonomaz. Dayè, anvan n jwen pèsonaj “pa Anmède l” la nou te jis gen yon endividi ki te toujou ap di « Pa anmède PM Aryèl » depi l ap pale. Kòm li toujou ap repete sa epi mete anfaz sou « Pa anmède l » la, popilasyon an tou itilize l pou idantifye l, men se sitou ak yon chay iwonik ki vin akouche sou yon popilarite. Se menm chema pou Kolera ki te ti pouch anvan diskou « Aryèl, men Gi Filip jete w», e ki te yon endividi ki toujou sal. Kidonk, sou plan analojik, yo konpare salte Ti Pouch ak efè maladi kolera ka pwovoke pou kole sou do l non Kolera a ki vin tou konstwi yon lòt idantite pou li. Men, li enpòtan pou n prezise se sou baz amizman pèsonaj la koumanse pran popilarite. Yon tafyatè k ap dòmi channmas ki rive satiyèt kè yon gwoup moun nan fason l ap swadisan revandike dwa l.
Nou pa nye ka gen lòt eleman ki ta esplike fenomèn sila, men nan kad travay sa nou soutni ipotèz kreyasyon endividi « Pa enmède l ak Kolera » se rezilta sibjektivasyon ki pase nan moul figi estil antonomaz la paske nou anfas de (2) endividi moun pa t twò konnen, men ki adopte yon diskou ki pran fòm yon enkantasyon tèlman yo met anfaz sou li, e ki lakoz yo viral kote lòt moun menn itilize yo pou fè piblisite ak kontni pou distrè entènot. Konnya lòt kesyon ki ta enpòtan pou n poze se : èske idantite de endividi sa yo konstwi ki fè yo vin popilè a ap dire pou lavi? Sou yon baz lojik epi analojik, repons lan ka non paske de endividi yo gen yon idantite ki kontekstyèl e sitiyasyonèl. Yon senp chanjman kontèks ak sitiyasyon ka tou elimine idantite fiktif la, e se la nou pral jwenn sa yo rele desibjektivasyon an ki se fenomèn kote yon endividi aktif ki te sijè sispann sijè. Se ka anpil politisyen, kote depi pouvwa yo tonbe, yo tou efase sou teren politik la.
Konklizyon
Atik sila rete nan kad yon tantativ pou esplike nosyon sibjektivasyon an kreyòl ayisyen kote nou itilize pèsonaj “Pa anmède l ak Kolera” pou byen kadre agimantè a. Nou mete l nan kad yon analiz sosyolengwistik paske nou chita sou done sosyal ak lengwistik pou n kontwi ide yo. Tankou tout refleksyon, travay sila gen limit li sitou nou pa rive adrese nosyon sibjektivasyon an nan tout aspè l, espesyalman aspè sikolojik li ki enpòtan anpil, e nou swete ki va sèvi sijè yon lòt refleksyon.
Nou rive afime ipotèz ki soutni se sibjektivasyon ki alabaz kreyasyon de pèsonaj yo, e sa rive posib paske lang/diskou se yonn nan eleman kle nan konstriksyon eleman idantitè. Nan sans, pozisyon ideyolojik ak diskou yon endividi tou patisipe nan trè idantitè li, menm lè sa pa enpeche idantite a kontekstyèl e sitiyasyonèl, epi ka debouche sou sa nou rele desibjektivasyon.
Referans bibliyografik
- BRUBAKER, Rogers et Fréderick COOPER, « Beyond identity », Theory Soc, vol 29, N°1, 2000, p. 1-47
- COOLEY, Charles Horton. “Looking-glass self “, Prod Real. Essays Road. Soc. Interract, vol 6, 1902, p. 126-28.
- FOUCAULT Michel, (2001 a), Dits et écrits II. Paris : Quarto Gallimard. (DE)
- GUATTARI Félix, 1980, Mille Plateaux- Capitalisme et schizophrénie 2, Les Éditions de Minuit, Paris.
- GEORGES, H. Mead, Mind, Self, and Society, 1934, London.
- GRECAS, Viktor et Michael L. SCHWALBE, Social structure and efficacy-based self-esteem, 1983, vpl 46, N° 2, juin 1983, p. 77-88.
- http://www.edouardglissant.fr/rhizome.html
