Sou jenèz kreyòl pa manke teyori. Yonn nan pi resan nimewo revi Etudes créoles[1] te pwopoze bilan sou kèk ipotèz ki konsène kreyolizasyon, epi mete kèk tandans diferan ajou. Kèk nan ipotèz sa yo yo kalifye « sosyo-istorik » ak kèk lòt ki chita plis sou « tipoloji » . Tout teyori sa yo fèmen nan kad ipotèz epi fonde sou kèk senaryo ki pa twò ekate kèk reyalite. Konsa, kèk lengwis ki ap defann ipotèz yo chita sou etid popilasyon bato negriye yo, gen lòt ki ensiste sou enpòtans kolonizasyon pòtigal la, kèk lòt kwè tan ki pase nan pò yo avan anbakeman yo te konn pèmèt esklav yo koumanse kreye mwayen pou yo kominike, san bliye gen lòt ki soulinye Afrik kite bon tras nan tip fizik popilasyon yo, e sa ka patisipe nan kreyasyon yon modèl lang k ap sèvi rezilta kontak moun yo. Teyori yo anpil, se vre, men si fè istorik yo sèten, pasaj done estatistik yo, done istorik yo, done jewografik yo, done politik yo oubyen done ekonomik yo pou rive nan fè lengwistik yo bay yon rezilta delika.
Nan tout bon lojik, prezans pil esklav ki soti nan yon peyi kèlkonk nan yon moman te gen kolonizasyon pa vle di :
- Yo tout te pale menm lang ;
- Yo te konn itilize lang sa pou tout echanj ;
- Itilizasyon lang sa tou gen konsekans dirèk sou kreyòl la : Lang sa te ka la depi anvan yo ateri sou zile a ; relasyon travay sifi pou fè yo itilize yon lòt lang, elatriye.
Li pa p parèt twò lojik pou fè konklizyon done istorik yo gen gwo konsekans otomatik sou lang moun yo kominike a, emenm done sa yo tou esplike estrikti langwistik yo. Se pou sa, nan travay sila nou pale de ipotèz : sitiyasyon miltilengwis (kote plizyè lang ap itilize) yo pa sispann devwale mistè yo, e dominasyon yon lang sou yon lòt oubyen sou plizyè lòt chita sou plizyè faktè. Kidonk, li riske anpil pou n panse pwopoze solisyon ki senp.
Se pou sa tou, nou panse li enpòtan, e menm endispansab pou n pwopoze kèk analiz lengwistik ki fonde sou kèk tèks ki ekri an kreyòl nan moman kout istwa monn kreyòl yo. Sa pa vle di nou meprize ipotèz yo, men sa ka fèt nan lide pou pouse etid ki fèt sou evolisyon lengwistk yo pi lwen, e k ap pèmèt pi devan nou rive verifye oubyen pran pou fo kèk ipotèz.
[1] 1. Vol. XXV, no 2, 2002, « La créolisation : à chacun sa vérité », coordonné par
Albert Valdman.
Marvens JEANTY
10-04-2021
Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay !
1 Comment
Comments are closed.