Pale sou varyasyon oubyen varyete lengwistik mete nou nan obligasyon pou nou nonmen chèchè tankou William Labov, Marvin Herzog ak Uriel Wienrich, pou nou site sa yo sèlman. Nou nonmen chèchè sila yo paske nosyon varyasyon an ki se yon kokenn nosyon nan sosyolengwistik te trete nan yon atik yo te pibliye nan lane 1966, atik sila te gen pou tit «Fondements empiriques d’une théorie du changement linguistique ». Prensipal rezon atik sila se te deziyen eka nou ka obsève nan yon lang kèlkonk nan diferan fason kominote a pale li.

Divès mannyè yon komninote ka itilize yon lang depann de plizyè faktè. Sa ka fèt sou plan jewografik, tanporèl, sosyal oubyen sitiyasyonèl. Se pa san rezon ki fè nan menm kreyòl ayisyen an gen depatman ki di manmit oubyen mamit, pandan gen lòt ki di kannistè pou deziyen menm objè a. Nou rele sa varyasyon jewografik oubyen jewolèk.
Pou sa ki gen pou wè ak tipoloji sou varyasyon lengwistik, sosyolengwis Wlliam Labov di gen kat (4) tip varyasyon e li pwopoze pou klase yo kon sa :
- Varyasyon dyakwonik, evolisyon lang lan parapò ak istwa li. (egzanp : òtograf kreyòl ayisyen nan ane 70 fas ane 2021 an)
- Varyasyon dyatopik, varyete lengwistik ki pwòp ak yon espas ousinon yon rejyon (egzanp, nan menm kominote kreyolofòn ayisyen an nou jwenn plizyè rejyolèk, varyasyon ki pwòp ak yon rejyon)
- Varyasyon dyastratik, varyete lengwistik ki lye ak nivo sosyal ak demografik lokitè a (egzanp: langaj jèn yo fas langaj granmoun yo; pwofesyonèl fas sila ki pa pwofesyonèl; lokitè ki pa gen menm nivo etid). Se nan tip varyasyon sa, nou jwenn sosyolèk la (varyasyon ki lye ak pozisyon sosyal lokitè yo)
- Varyasyon dyafazik, varyasyon sila koresponn ak estil lang lan.
Psss: Yon chèchè tankou Francois Gadet pwopoze pou ajoute yon senkyèm varyasyon ki ta varyasyon dyamezik la ki defini yon lòt distenksyon nou jwenn nan lang pale ki pa nan lang ekri a. Nan anpil lang, nou pa toujou di sa ki ekri a jan li ye a vre.
Nan koze varyasyon, li enpòtan pou nou presize sosyolengwis yo enterese alafwa ak lokitè ki ap itilize lang lan epi ak jan lang lan itilize a. Se pou sa gen diferans ant varyasyon selon izaj lang lan (jan lang lan itilize) ak izaje lang lan (lokitè yo)
Varyasyon bò kote lokitè yo : varyasyon sila voye nou wè rejis oubyen nivo nan lang lan kay chak lokitè.
- rejis soutni oubyen swanye,
- rejis estanda oubyen kouran;
- rejis familye oubyen òdinè
- rejis vilgè.
Varyasyon nan estrikti lang l lan: varyasyon sila voye nou drèt nan estrikti lang lan.
- varyasyon fonik, ki fèt sou fonèm (son) lang lan.
- varyasyon mòfolojik, ki fèt sou fòm mo nan lang lan.
- varyasyon sentaksik, ki fèt sou ajansman mo nan lang la
- varyasyon leksikal , ki fèt sou mo nan lang lan.
Referans bibliyografik
- Billiez, Jacqueline et al. 1992. UE : Sociologie du Langage, Cours pour Maîtrise de Français Langue Etrangère. Poitiers : Cned-institut de Poitiers-Futuroscope.
- Gadet, F. 2003. Grand Livre de la Langue Française : « La Variation » in Yaguello. Paris : Seuil.
- Hamers, J-F et Blanc, M. 1983. Bilingualité et Bilinguisme. Mardaga. Labov, William. 1976. Sociolinguistique. Paris :
Sit entènèt :
Variation Linguistique. http://www.wikipédia, l’encyclopédie libre.
Marvens JEANTY
15 jwen 2021
KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay !