Sant Etid ak Rechèch Kreyoliti (SERK) ak tout patnè li yo (FMAS, FLA, AKA, Banquet Poétique, Floraison…) kontan anpil pou kominike piblik la lis twa (3) gayan Premye Pri Pwezi Kreyoliti a. Yon Pri ki fèt pou ankouraje pwodiksyon literè nan lang ki makonnen tout pèp ayisyen an. Komite a te resevwa 68 tèks antou, apre yon preseleksyon, li vin rete 20. Manm jiri a ki gen ladan li Cherlie Rivage, Jeudy Erickson ak Iléus Papillon te akòde yon tan patikilye pou trete chak tèks epi rive jwenn 3 pi bon yo. Yon travay ki pat fasil ditou lè nou ap konsidere nivo kreyasyon ki nan tèks yo. Tout ekip SERK la pwofite di manm jiri yo yon gwo kout mèsi san parèy paske san sipò yo , sitou nan yon tan ki pa t twò posib pou sa, yo sakrifye yo pou yo rann aktivite a posib ! Lizay pou nou !

Yon mèsi espesyal pou Madam Gertrude Séjour, direktris egzekitif FMAS, pwofèsè Paul Réginald, Paul Molès, Joel Renfort, Herby Glaude, Renauld Govain, Pierre Antoine, Georges Marcel difèt yo te chwazi akonpanye estaf SERK la pou reyalizasyon Pri a san poze twòp kesyon. Konfyans yo fè nou ba nou kouraj pou nou kontinye kenbe flanbo lang nou an byen limen nan òganize aktivite pou nou montre bèlte ak richès kreyòl ayisyen an.

Nan lis twa (3) ganyan yo, nou jwenn :

Alix OLIVIER (Tit tèks la se : Lapli)

Walner OLIVIER ( Tèks san tit)

Jamson ISAAC (Tit tèks la se : Liminasyon)

Nou ap konn ki powèt ki premye, dezyèm ak twazyèm nan seremoni an !!!

Seremoni remiz pri yo ap fèt 28 okòb 2020, soti 3zè pou rive 5è nan lokal Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) a ki nan Ri Dufort Bwa Vèna.

– Premye gayan ap resevwa yon plak donè, 10000 goud kach, yon tablo atizay, 500 goud minit telefòn epi yon lo liv.

– Dezyèm gayan ap resevwa 7500 goud kach, 350 goud minit telefòn epi yon lo liv.

– Twazyèm gayan ap resevwa 5000 goud kach, 250 goud minit telefòn epi yon lo liv.

Psss : tèks ki pran Pri piblik la se : Dènye zèl, otè a se Richelor Nelson. Li jwenn 185 like ak 46 pataj.

Categories: Uncategorized