Oswald DURAND se pitit gason Dolcé Durand ak Aricie de Vastey.
Pompée Valentin de VASTEY (yon blan), se te granpapa li bò manman.
Pompée Valentin VASTEY se te gwo chabrak, gwo otorite nan rejim monachi Christophe la. Se li yo te rele Le Baron De Vastey
Durand pèdi manman li ak papa l nan tranblemanntè ki te pase nan lane 1842, kote li te sèlman blese nan pye dwat li. Aprè lanmò paran li yo, se grann li, manman maman l ki te resevwa l lakay li, pou leve l epi pran swen l. Li te kòmanse pran leson nan men yon pwofesè nan lise Okap, apre li enstwi tèt li pou kont li. Li vin powèt, jounalis epi politisyen.
• Karyè li
Oswald DURAND te pase pwofesè nan lise Okap nan lane 1864. De lane apre, li vin direktè yon lise Gonayiv. Durand pase fonksyonè leta, li okipe pòs sekretè nan konsèy minis nan lane 1868, epi li vin nonmen delege nan lane 1885 ; li gade pòs sa sis (6) fwa ankò. Li te prezidan chanm depite nan lane 1888, jounalis, li te menm arive fonde yon jounal ki rele « Les bigailles ». Li te kolaboratè Demesvar DESLORMES nan yon jounal ki rele « L’avenir ».
• Pakou vi l ak zèv li ekri
Pandan tout karyè li, li marye ak Virginie SAMPEUR nan lane 1862. Dam sa se yon enstititris ki te fè non li nan epòk li a, e li te yon powèt ki te gen anpil talan. Nan lane 1871, li divòse ak madanm li. Yon mwa aprè separasyon yo, Oswald DURAND marye avèk Rose-Thérèse LESCOT, e, li fè de pitit avè l: youn rele Georges André, lòt la rele François Xavier.
Nan lane 1883, Oswald DURAND ale nan prizon pou ide politik li yo, se nan peryòd tan sa a li fè nan prizon an, li ekri powèm choucoune lan an kreyòl. Michel Mauléart Monton te pran powèm li an, li fè chante ak li, li mete l sou fòm mizik. Mizik sa te fè non li nan epòk sa a.
Nan lane 1888, li reyalize rèv li te genyen pou l pile tè Lafrans. Francois Coppée te resevwa li nan « société des gens de lettre » tankou gran powèt li ye a. Se nan lane 1896, li chwazi reyini tout powèm li ekri yo nan zèv sa a ki rele : rires et pleurs. Li ekri <> ki rele tou <> oubyen <>, powèm sa a sèvi Im nasyonal pou Ayiti depi lane 1893 rive nan 1904. Li ekri <> nan lane 1871, li ekri denye powèm sa a : <> nan lane 1901. Pou kèk moun, Oswald Durand se powèt lanmou, li se youn nan pi gran powèt Ayiti te ka konnen nan istwa literati li.
Sources : https://ht.glosbe.com
Dohoty CAVALIER
20/05/2020
Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay
Kreyoliti pou yon politik lengwistik ak jèvwin.