Chak ekriti se yon moso reyalite li trennen dèyè l, se yon pawòl ki byen moulen pou li pote yon lide, yon konpreyansyon oubyen yon pozisyon. Se sou menm chimen reprezantasyon literè sa a nou kwaze Cherlie Rivage.

Cherlie Rivage wè jou nan komin Saint-Jean du Sud (depatman Sid peyi a) yon 25 mas. Li se Lengwis, e nan moman an l ap swiv yon fòmasyon sou “Éducation aux Droits Humains” ak inivèsite Poitiers. Nan lane 2015, Cherlie pibliye premye rekèy powèm li : “Mots d’ailes” nan Edisyon “Les vagues”, epi li gen de lòt tèks ki pa ko pibliye.

Powèt la ap travay sou yon pwojè piblikasyon yon rekèy kolektif  nan kad inisyativ #challengepoème li te lanse nan moman konfinman pandemi COVID-19 la te fòse anpil peyi sou latè aplike.

Jèn otè a devlope yon konplisite ak mo yo, yon entimite san parèy, sa ki lakoz yo jwe yon wòl enpòtan nan ede l fofile legzistans li. Se sa ki fè li di: “Mwen ekri pou lanmou mo yo, pou m esprime lavi ak lanmou”. Sa ki jistifye tou chwa ak pretèks ki anwole zèv li yo. Chak mo, chak lèt jwenn rasin yo nan sa otè a ap viv chak jou dapre jan li defini “Muse” li: ” se tou sa ki lye m ak lanmou, lanmò ak sa ki revòlte m; sitiyasyon sosyal ak politik peyi m”.

Cherlie Rivage enplike l byen fon nan plizyè inisyativ k ap fè pwomosyon literè. Pami yo, li se manm yon platfòm an liy ki rele Plimay (www.plimay.com) k ap fè pwomosyon pou liv ak literati. Se petèt menm motivasyon sa a ki fè jèn otè a konseye lòt jèn parèy li yo pou yo kontinye li, ekri yon fason pou yo kite tras esperyans powetik yo chak pou jenerasyon k ap vini.

                 ~Ekstrè powèm~
Lapli chifonnen souri
Vil la pèdi imaj li nan nyaj yo
Yon lanmè dlo nan je pou tranpe rèv
Aswè a tout vil pèdi batistè
Tout peche kanni
ak rega w toufe
nan powèm nan

Pou afiche pòtre w
M kadnase lonbray ou
nan fas lanmou
Ak cheve m
m bay zetwal filmòl
pou m pale w de yon vil
yon powèt
yon plim
yon  satouyèt
Konsa na  peche lannwit
Pou yon bonè san mezi
raze tèt lanmò ra pye tè

Liv otè a pibliye deja:

 – Mots d’ailes, Edisyon “Les vagues”, 2015

Lyen ou ka jwenn lòt travay sou otè a

https://www.google.com/amp/s/lenouvelliste.com/article/215221/challengepoeme-pour-reinventer-lespace-de-la-culture/amp

Jean Verdin JEUDI
17/05/20

Kreyoliti, pou yon pi bon kreyolizay

KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.


4 Comments

Comments are closed.