Si rivyè literè a koule sot nan yon jenerasyon al nan yon lòt, sanble li pa pèdi okenn branch, okontrè li genlè vin ak plis fòs nan jenerasyon jounen jodi a. Si yon jou lesyèl ta mande ou kote souf pwezi kache, ou mèt sispèk djòl plim powèt jenerasyon konnya a.Yon jenerasyon ki pa pran nan presyon literati, k ap batay pou donte yon nivo powetik wòdpòt, yon jerenasyon nou kwaze Selmy Accilien, jèn otè k ap mezire pwa tout silab, tout mo ak tout fraz ki rele fraz. Dayè, se yonn nan rezon ki fè li pa janm bouke akouche krèm pwezi pou byen glise desann nan gagann tout lektè ki konn gou bouch yo.

Selmy Accilien ki gen ti non jwèt Seldjy, wè premye jou li 24 desanm 1992, nan komin Gwomòn ki twouve li kòtakòt ak Site endepandans peyi a. Pou moman an, powèt la ap etidye Sikoloji nan « Université Joseph C Bernard », nan vil Gonayiv, kote li grandi. Menm si pwoblèm peyi a trennen etid la, rèv sikològ toujou byen klere devan je l.

Nou doute powèt la pa gen pwezi ki ap koule nan venn li, paske depi li gen 16 lane jouk jounen jodi li ap karese mo yo pou fè yo pale epi akouche bèl pwezi. Diferan ak kèk lòt otè, lanmou sou tout fòm ak move lavi Ayisyen ap viv, sèvi epis ki bay pwezi li gou, fòm ak nanm.

Selmy pa swete fè enspirasyon li swiv yon sèl liy, se pou sa, apre pwezi li abitye ekri, li ap travay sou lòt jan literè, tankou: Woman ak esè. San konte rekèy kolektif li patisipe, powèt la gen 6 rekèy powèm ki pibliye an Ayiti kou lòt bò dlo.

Yon mannyè pou powèt la pwouve lanmou li gen pou literati, li pa sispann koud pwojè ki lye ak pratik ekriti. Pami yo, li swete soti yon dènye liv epi kontinye travay ak « Editions de la rosée » pou li ankadre jèn otè parèy li ak sila ki gen pou vini yo.

Selmy se manm fondatè yon klèb literè « Des fleurs et des poèmes” li met sou pye nan lane 2017. Yon Klèb daprè li ki pa sispann ponn bèl powèt, li gen yon anbyans k ap devlope anndan l mo pa fouti dekri tèlman sa pote fwi. Prensipal jistifikasyon Selmy bay se nivo pwezi jèn powèt ki ladan l yo devlope ak aktivite deba dinamik aprantisaj ki sèvi baz fonksyònman klèb sila. San ipokrizi, powèt la swete tout konpayèl plim li yo kontinye li, ekri sa yo viv, ekri vi yo, istwa yo ak kichòy ki pou fonn yo chak jou pi plis nan pwòp tèt yo .

Estrè yon tèks powèt la :

<< Ou mèt pran m cheri
Ale avè m
lage m bò lanmè a
Ma va konnen ki koulè dòminanje genyen
ki sant brazen pran

marande m nan tche wòb ou
ale avè m tit
ma va konnen pouki rezon ou pati ak bonnanj leta anba tete gòch ou
ma va konnen pouki rezon lalin nan chanje po chak anivèsè l rive
ma va renmen chak ti moso solèy ki leve sou vizaj ou
Ou mèt kwè m cheri
m pa yon grennsenk tankou leta. >>

Zèv otè a pibliye :

  • Passion du silence, 2012 , (piblikasyon ak kont otè)
  • Vag yo pran egzil, Editions des vagues, 2014
  • Lagrenn, ( liv sa pa pibliye )
  • Sur la tige de l’amour, Editions Du pont de l’Europe, 2016. Liv sa te rive finalis nan konkou prix de l’académie française, Phelps Antony te rive pran.
    -Et tu m’as dit, Éditions du pont de l’Europe , 2017
  • Des mots pour nourrir la vie, des fleurs et des poèmes 2018 (Zèv kolektif)
  • Ti koze bò lanmè, Editions de la rosée , 2019.

Men kèk lyen ki ap mennen drèt nan kèk travay ki fèt sou otè a ak zèv li :

Ti koze bò lanmè : un poème dualisme entre patriotisme et l’amour

Selmy Accilien Et tu m’as dit  

http://raynaldoplouis.over-blog.com/2016/07/4-articles-sur-le-livre-sur-la-tige-de-l-amour-de-selmy-accilien.html

Marvens JEANTY
13-05-2020

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay
Kreyoliti pou yon politik lengwistik ak jèvrin