Albert Camus gen nasyonalite fransè, li wè premye jou li nan vil Mondovi ki nan peyi Aljeri, nan dat ki te 7 novanm 1913 la. Li mouri « Villeblevin, Yonne » nan dat 4 janvye 1960.

Albert Camus te ekriven, filozòf, romansye, dramatij, eseyis ak nouvelis fransè. Li gen yon karyè tou nan jounalis militan angaje nan rezistans peyi laFrans. Nan zèv li yo, nou jwenn teyat, woman, nouvèl, fim, powèm ak esè, kote li devlope yon imanis ki chita sou konsiderasyon « absurde » nan kondisyon moun , men tou sou revòl nou ka konsidere tankou yon repons pou « absurde » la. Yon revòl ki mennen n dwat nan aksyon e ki bay monn lan ak egzistans sans, se la tou kè kontan etranj ki ede n viv epi mouri a pran nesans.

Nan jounal ki rele « Combat », pozisyon l yo toujou byen file epi dirèk, kit se sou kesyon endepandans peyi Aljeri, kit se sou rapò Aljeri pataje ak pati kominis peyi laFrans. Li te kanpe tennfas kont tout inegalite ki konn frape mizilman Afrik Nò yo, defann Espanyòl ekzile « antifascites » yo ak viktim « stalinisme » yo.

Lè n ap gade nan yon linèt filozofik, nou ka di Camus se temwen pwòp tan li t ap viv la, yon entranzijan ki refize tout konpwomisyon . Li pat janm sispann lite kont tout ideyoloji ak abstraksyon ki pa ale nan menm liy ak sa li konsidere kòm moun. Se yonn nan rezon ki fè li te opoze kèk kouran, tankou : « existantialisme » ak « marxisme », pa t rive byen antann li ak Sartre epi kèk lòt ansyen zanmi l. Nan sans sa, li enkane yonn nan pi gwo konsyans moral 20e syèk la konnen ; « l’humanisme », nan ekri l yo ki fèt ak pi move moman nan Istwa limanite. Kritik li sou « totalitarisme soviétique » fè l pote chapo kominis, epi koupe fache ak Jean Paul Sartre pou bon. Nan yon echanj, Jean Daniel, fondatè « Nouvel Observateur », rapòte, lè l fin tande Albert Camus san l pa entewonp li, Francois Varillon ki se prèt teyolojyen jezwit , di l : « ou pa gen lafwa, ou pa gen batèm, men pèmèt mwen di w ou pa bezwen ni youn ni lòt paske ou gen lagras. »

Nan lane 1930 camus aprann li soufri maladi tibèkiloz ; 1934 li fè premye maryaj li ak Simone Hié ; 1936 li diplome nan filozofi , epi l fonde « theatre du travail » ; 1938 Camus jounalis nan « Alger-Républicain » ; 1942 li pibliye tèks li ki pote tit « l’Etranger » ak « Le Mythe de Sisyphe » ; 1944 li pibliye « Caligula » epi li rankontre André Gide ak Jean Paul Sartre ; 1947 li soti « La Peste » ; 1952 li koupe rapò entèlektyèl ak Jean Paul Sartre ; 1956 li pibliye « La Chute » ; 1957 li resevwa Pri Nobèl literati . Li mouri nan yon aksidan machin jou ki te 4 janvye 1960 lan, pandan l te gen 47 lane. Depi 15 novanm 2000, achiv li yo depoze nan bibliyotèk « Méjanes , Aix-en-Provence », kote tout domkiman l yo ap byen jere epi byen valorize.

Kèk lòt enfòmasyon, nou dwe konn sou Camus :

Louis Germain, ansyen pwofesè Camus nan lekòl kominal li nan peyi Aljeri, Camus te chwazi l pou dedye diskou Pri Nobèl li.

Camus te di li wont anpil pou André Malraux ki pa t pran Pri Nobèl la nan plas li paske l te toujou wè misye tankou yon mèt.

Lè l te nan lise, Camus te gen anpil pasyon pou foutbòl. Plas li te konn jwe se gadyen.

Camus se nevyèm fransè ki resevwa Pri Nobèl literati.

Nan aksidan ki te met fen nan lavi Camus lan, Michel Gallimard ki te zanmi l epi neve editè Gaston Gallimard, te mouri tou.

Camus ak powèt René Char te rete nan menm apatman an pandan plizyè ane. Yo te pataje yon bèl zanmitay.

Nan lane 2009, Jean Camus ki se pitit Albert Camus pat dakò ak pwopozisyon prezidan peyi laFrans lan Nicolas Sarkozy, ki te vle panteyonize Camus.

Sous : www.babelio.com

Marvens JEANTY

08-04-2020

KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay !!!

KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin !!!