Akademi kreyòl


Pòt antre
Tout esperyans moun ap fè chita sou siy. Nou ka menm di siy lan plase nan sant sa n ta ka rele esans moun nan. La nou ap pale de siy lengwistik (ansanm mo nan yon lang) ak siy ki pa lengwistik (imaj, pano siyalizazyon…). Si n ta rive konsidere yon imaj kòm siy ( yon bagay ki evidan paske yon imaj se yon siy ikonik), kisa l ka pote nan langaj la ? An n raple, yon imaj se yon reprezantasyon vizyèl oubyen mantal sou yon bagay. Bagay sa ka yon objè, yon moun, yon bèt, yon konsèp, elt). Imaj la tou ka natirèl (lonbray ak reflè) ousinon atifisyèl (penti, fotografi, eskilpti). Men, ke imaj la ta vizyèl ou pa , ke n ka touche l oubyen l ta jis konseptyèl, li ka gen rapò sou resanblans ak modèl li a, e menm rive lyannen gras ak yon rapò senbolik. Pou semyotik la ki devlope yon sektè semyotik vizyèl, yo wè imaj la tankou pwodwi yon langaj espesifik akouche. Yonn nan definisyon pi ansyen sou imaj nou jwenn , se sa Platon te bay la : « mwen rele imaj, dabò tout lonbraj epi tout reflè nou ka wè nan dlo, sou nenpòt kò opak, oubyen poli, ak tout lòt reprezantasyon ki nan menm fason an ». Pou sa k gen pou wè ak tip imaj , nou jwenn de (2) : imaj fiks ( fotografi, bann desine, afich, pano piblisite… Imaj anime (fim, emisyon,repòtaj). An n di li te enpòtan anpil pou n te fè yon ti rale sou konsèp imaj la, men kòm objetik travay la se pa fè istorik « imaj » , an n kontante n poze kesyon sila : Si nou ka wè konsèp imaj la tankou reprezantasyon oubyen repwodiksyon yon objè ki reyèl, kisa n ka di pou logo AKA a ? èske l jistifye imaj la se modifikasyon yon fòm lengwistik ?

Deskripsyon fizik logo a​


An n raple, AKA se enstans nen peyi Ayiti ki la pou regile lang kreyòl ayisyen an. Konstitisyon 1987 nan atik 213 la rekonèt egzistans li. Pandan anpil tan, lang kreyòl ayisyen an pat gen okenn règleman , menm lè nan ane 1940 yo, ansyen prezidan ayisyen an Eli Lesko te fè tantativ nan estandadize lang lan. Li te gen yon òtograf ofisyèl nan fen ane 1970, e pat gen twò gwo travay ki te fèt apre sa.
Jan n ka wè l nan premye paj la, imaj logo AKA se yon figi jewometrik ki gen fòm won. Li bay resanblans de (2) disk. Nan yonn nou jwenn akwonim AKA ak definisyon l , nan lòt la nou jwenn yon estati. Nan fwontyè chak disk sa yo gen yon sèk an wouj. Mitan premye sèk la kolore an ble, nou jwenn gri nan sant dezyèm sèk la, e estati nèg mawon an an nwa ak yon plim poul ble e wouj nan men l, kote se kat Ayiti a ki sèvi tablo.

Mesaj logo a charye


Lè otè a te di yon mesaj gen plis pase mil (1000) mo a se pa jwe l t ap jwe paske n pa sispann viv sa nan reyalite n. Konsa, nou ka di imaj logo a vann yon mesaj lengwistik, epi pi bon kòd k ap ka ede n konprann mesaj sila se kreyòl ayisyen. Kidonk, pou dekouvri mesaj logo a charye ou dwe gen konesans sou lang kreyòl la, istwa l ak konba ki mennen pou li. Se vre , lè n gade logo a nou wè AKA ak tout definisyon l ekri, men sa pa sifi kòm mesaj lengwistik. Tout lòt eleman ki pa siy lengwistik yo vle di anpil bagay. Tankou sou plan sosyopolitik ousinon sosyo-istorik, imaj nèg mawon an tradwi anpil reyalite , tankou : li reprezante istwa yon esklav, pandan l t ap kite abitasyon kolon an , ki te met jenou l atè, panche dèyè pou soufle lanbi l, ki se enstriman yo te konn itilize pou fè tout esklav reyini ousinon pou avèti yo lè gen danje. Kidonk , nan logo a li ka sèvi pou reyini tout ayisyen pou fè yo konprann nou gen yon lang ki makonnen zantray nou , e n dwe byen konnen l pou n kontinye batay. Plim pou l ki nan men l lan, ki gen koulè ble e wouj, koulè drapo n, ka vle di, pale lang lan pa sifi. Konn ekri l byen se ap yon avantaj anplis. Kidonk, apre n fin reyini pou n pran konsyans lang lan se pa n , se nou k pou ba l valè, bat pou n ekri l byen epi pwodwi ladan l. Konsa nou a va ede lòt nasyon dekouvri bèlte l ak richès li epi bay anvi aprann li, menm jan sa fèt pou anpil lòt lang. Plim pou l la ka vle di tou, nou gen dwa pou n enstwi paske esklav yo pat gen chans sa. Sitou konnya ayisyen an gen dwa pou l edike tèt li , e gen ase kichòy pou l ekri pwòp literati l, mete deyò tout emosyon l ak tout sa k ap bouyi nan panse l. An n presize tou, imaj nèg mawon an raple n pandan yon bon ti tan nou te nan chenn , menm jan kreyòl la te majinalize. Nan logo a AKA ka vle siyale n, menm anvan refòm Bèna a, nou mennen gwo konba pou met kreyòl la kote l ye jounen jodi a, e pou konba sa kontinye fòk nou tout pote kole. Politik lengwistik la ap pi byen fèt si gen plis bra. Kat Ayiti ki plase dèyè nèg mawon an pa inosan tou, li ka la pou l raple kominote entènasyonal la Ayiti se premye pèp nwa ki libere, e se li menm menm ki vle mennen lang li pi lwen jounen jodi a . Kat la se reprezantasyon n kòm pèp ki granmoun lakay li! Lè n gad logo a byen, nou wè je nèg mawon an tonbe anba sis (6) lèt ki ekri kreyòl la, sa ta vle di tou , si tout bon nou vle peyi n devlope, nou dwe toujou fikse lang lan, nou dwe toujou gen lang nou avè n. Dayè se li k pi gwo zam nou.

Sou plan kiltirèl, logo AKA a di n kichòy tou. Tankou, li raple n dezòmè nou gen yon akademi ki pou regile lang lan ,e nou gen dat ofisyèl pou nou fè kèk seromoni rekonesans (4 desanm 2014 pou dat kreyasyon AKA a, tout mwa aktòb la pou fèt lang kreyòl, epi 21 fevriye pou fèt lang manman… ). Pou sa, nou ka òganize kèk manifestasyon ki lyannen ak kilti n, kote se sa k nan rityèl ayisyen k ap nan nannan aktivite yo.

Sou plan enstitisyonèl tou, logo AKA di n kichòy. Li raple n AKA se yon enstitisyon, kidonk gen yon ansanm lwa ki reji fonksyònman l. An n tou presize se 2 jiyè 2013 de (2) chanm pouvwa a te vote lwa ki rekonèt kreyasyon kokennchenn enstitisyon sa. E, kote k gen lwa , gen sanksyon, la n tonbe drèt nan sa semyotisyen Charles S. Pierce rele « legisigne» lan, ki se yonn nan twa monn li yo. Nou p ap di plis pou n evite twòp tèm syantifik nan travay la, menmlè kreyòl la pa gen pwoblèm ak sa.

Mo lafen

Nan travay sila, nou tante mennen yon analiz semyotik sou logo AKA. Yon analiz ki te mete n nan obligasyon dekri aspè fizik logo a epi pale sou mesaj lengwistik li charye pandan n ap sèvi ak siy non lengwistik yo . Sa ki te vin pouse n fè yon ti apwòch sou plan sosyo-istorik, kiltirèl epi enstitisyonèl. Nou konnen travay rechèch pa janm rive nan limit li, pou sa n ap di travay sila, malgre tout fay li ka genyen ka sèvi lòt moun ki entèrese pou di plis kichòy sou sijè a.

Referans

  • Saussure, Ferninand de, (1916), 1972, Cours de linguistique générale, Payot, Paris.
  • Julia , Kristeva, 1970, Le texte du roman. Approche sémiologique d’une structure discursive transformationelle, La Haye, Mouton.

24-02-2020
Jeanty Marvens ak kolaborasyon Wyddiane Prophète M.T, François Fils Philippeson, Ally Lurher Evenschy.