Jean Price-Mars, ekriven, etnograf, diplomat, pedagòg… ki konsidere kòm yon mèt nan panse ayisyen an nan XXèm syèk la fèt Grandrivyè dinò nan dat 15 oktòb 1876. Li mouri Petyonvil, an Ayiti premye mas 1969.

Byen bonè, Jean Price-Mars pèdi manman l. Malgre granpapa l te katolik epi papa l te pwotestan sa pa t anpeche li leve nan yon tolerans relijye. Se papa l ki te asire etid primè l. Papa l tou pwofite aprann li kèk eleman nan fòlklò ayisyen e menm lang kreyòl la kèk fwa.

Aprè sa, Jean Price-Mars te vin al kontinye etid segondè l lise Gregwa Okap ayisyen epi l t al fin klas li lise Petyon nan Pòtoprens. Nan lane 1899, li te resevwa yon bous pou l al etidye medsin an Frans, patiklyèman nan vil Pari. Yon metye l ta pral fin aprann 22 zan apre; men nan menm moman an tou, li te angaje l nan lòt etid ki gen rapò ak syans moun epi syans sosyal, li te konn frekante «Sorbonne», «Collège de France» epi «Musée du Tracadéro». Apre sa, li t a pral koumanse yon karyè diplomatik ki t a pral dire plis pase senkantan. Pandan toutan li fè lafrans yo, li chache dekore tèt li ak konesans nan anpil domèn, Afrik espesyalman.

Preyokipasyon li te genyen pou chanje kondisyon moun ayisyen an ap viv fè l kontribye anpil nan teyori «diaspora africaine» lan ak nan «panafricanisme culturel» la. Tout bann liv Price-Mars ekri yo repoze sou metòd istorik epi konparativ. Liv lektè ak kritik yo konsidere kòm pi gwo liv lan «Ainsi parla l’oncle (1928)» etidye alafwa fondman istorik epi fòlklorik kilti ayisyen an. Price-Mars konfime nan liv sa: ayisyen yo pa «français colorés», men yo se moun ki fèt nan yon kondisyon istorik detèmine epi yo vin gen 2 eritaj ki se fransè ak afriken.

«Ainsi parla l’oncle» se premye tantativ ki rive fèt nan sousi pou fè yon etid sistematik kiltil mas ayisyen pandan li plase l nan yon kad kominote nasyonal. Se yon liv ki ekri nan peryòd lokipasyon amerikèn lan(1915-1934), byen klè kou dlo kòk, premye liv sa montre vizyon Price-Mars genyen pou l soutni moral ayisyen yo epi devlope yon nasyonalis kiltirèl.

Jean Price-Mars jwe yon gwo tonton wòl nan sa nou rele devlopman syans sosyal an Ayiti. Se li ki fonde an 1941 enstiti etnoloji nan Pòtoprens, kote li t ap anseye sosyoloji epi afrikoloji jiska 1947. Lè Price-Mars deside kreye yon sant rechèch k ap pèmèt yo fòme etnològ ayisyen an Ayiti, se yon egzanp klè ki montre li vle dekolonize konesans antwopolojik la, nan yon kontèks konplike kote se kolonizasyon k ap fè lapliyelebotan nan monn la. Enfliyans travay li yo pral depase ti sèk enstiti etnoloji a, yo fè enpak sou plizyè jenerasyon, ekriven, syantifik ak atis ayisyen. Otorite li te montre li genyen nan sa ki konsènen etnografi a, liv li yo, rechèch li yo sèvi sous enspirasyon ak inovasyon pou dyaspora afriken nouvo monn lan ak anpi kolonyal fransè a.

Se nan lane 1930 yo nan vil Pari (La revue du monde noir, le salon de paulette Nardal), Jean Price-Mars t a pral mare zanmitay avèk kèk lòt entèlektyèl dyaspora afriken epi ekriven «Harlem Renaissance» yo. Se nan rasin ideyolojik ak literè milye sa yo, mouvman «Négritude» la ki kontribye anpil nan nasyonalis kiltirel afrik la pran nesans.

An 1956, nan premye kongrè ekriven ak atis nwa nan vil Pari, Jean Price-Mars eli prezidan avèk vwa tout moun. Nan menm ane a, li vin premye prezidan «Société Africaine de la culture», yon òganis ki lye avèk UNESCO. Ebyen rekonesans entènasyonal sa t a pral pèmèt kèk espesyalis panafrikanis konsidere l kòm omològ frankofòn W.E.B. Dubois. Nan lane 1966, yo envite Price-Mars Senegal, -yon peyi ki gen yon ti tan depi l pran endepandans li- kote yo nome l doktè «Honoris Causa» inivèsite Daka. Prezidan epi powèt Léopold Senghor, li menm, rekonèt enfliyans Price-Mars emèjans konsèp «Négritude» la.

Zèv prensipal:
Esè:

-La Vocation de l’élite. Port-au-Prince: Edmond Chenet, 1919; Pòtoprens: Atelye Fardin, 1976; Pòtoprens: Edisyon «Presses Nationales d’Haïti», 2001.
-Ainsi parla l’oncle (esè etnografik). Compiègne (Frans): enprimri Compiègne, 1928; Nouyòk: «Parapsychology Foundation», 1954; Monreyal: Leméac, 1973, 1979; Pòtoprens: «Imprimeur II», 1998;
-Ainsi parla l’oncle suivi de Revisiter l’Oncle. Monreyal: «Mémoire d’encrier», 2009.
-Une étape de l’évolution haïtienne. Pòtoprens: «Imprimerie La Presse», 1929; Pòtoprens: «C3 Éditions», 2019.
-Formation ethnique, folkore et culture du peuple haïtien. Pòtoprens: Edisyon «Virgile Valcin», 1939; Pòtoprens: «C3 Éditions», 2019.
-Contribution haïtienne à la lutte des Amériques pour les libertés humaines. Pòtoprens: «Imprimerie de l’État», 1942.
-Jean Pierre Boyer Bazelais et le drame de Miragoâne: à propos d’un lot d’autographes, 1883-1884. Pòtoprens: «Imprimerie de l’État», 1948.
-La République d’Haïti et la République Dominicaine. Pòtoprens: s.n., 1953; Lausanne: «Imprimerie Held», 1954.
-Le bilan des études ethnologiques en Haïti et le cycle du Nègre. Pòtoprens: «Imprimerie de l’État», 1954.
-De Saint Domingue à Haïti: Essai sur la culture, les arts et la littérature. Pari: «Présence Africaine», 1959.
-Silhouettes de nègres et de négrophiles. Pari: «Présence Africaine», 1960.
-Vilbrun Guillaume-Sam: ce méconnu. Pòtoprens: «Imprimerie de l’État», 1961; Vilbrun Guillaume-Sam, ce méconnu, suivi de correspondance avec Roger Dorsinville. Pòtoprens: «C3 Éditions», 2017.
(Ébauches, 2e série) De la préhistoire d’Afrique à l’histoire d’Haïti. Pòtoprens: «Imprimerie de l’État», 1962; Pòtoprens: «C3 Éditions», 2019.
-Lettre Ouverte au Dr. René Piquion, directeur de l’Ecole normale supérieure, sur son manuel de la négritude. Pòtoprens: «Éditions des Antilles», 1967.

Zèv ki pibliye apre lanmò l:

-Joseph Anténor Firmin. Pòtoprens: «Imprimerie du Séminaire Adventiste», 1978.
-Ceux d’autrefois. La lutte pour le pouvoir entre Florvil Hyppolite et François Légitime en 1888-1889. Pòtoprens: «C3 Éditions», 2013.
-Haïti et la question de race. Pòtoprens: «C3 Éditions», 2019.

Pri ak distenksyon:

-1956 Prezidan, 1e kongrè entènasyonal ekriven ak atis nwa (Pari)
-1956 1e prezidan «Société Africaine de Culture» (Pari) afilye avèk UNESCO
-1956 «Commandeur de la Légion d’Honneur» (Pari)
-1957 Dòktè «Honoris Causa», Inivèsite Pari
-1958 Manm «Académie des Sciences d’Outre-Mer» (Pari)
-1959 Manm komite onè ADELF (Association des Écrivains de langue française), kounya ki rele l’AEFMOM (Pari)
-1959 Kandida pou «Prix Nobel» literati
-1959 Meday ajan «Prix de la Langue Française de l’Académie Française»
-1959 « Pension présidentielle » pou la, pou tout sèvis li rann Ayiti.
-1965 1e loreya «Prix littéraire des Caraïbes de l’ADELF« (Pari), pou tout zèv li yo.
-1966 doktè «Honoris Causa», Inivèsite Daka
«Grand-Croix de l’Ordre de Malte»
Kòmandè « El Sol » Pewou
«Grand Cordon du Chêne» Liban.

Sous
-île en île

Chrisvinan JOSEPH (Christo)