
Jacques Roumain, powèt, ekriven, aktivis politik ayisyen fèt nan dat ki te 4 jen 1907. Ansyen prezidan peyi Dayiti Tancrède Auguste (1912-1913) se te gran papa l. Li fè etid klasik li nan lekòl kongreganis, espesyalman entitisyon «Saint-Louis de Gonzague». Aprè bakaloreya l li t al kontinye etid li nan peyi Bèljik, Swis, laFrans ak Almay. Li te ale nan peyi Angletè ak Espay tou, kote li t al koumanse yon etid nan agwonomi.
Lè Roumain vin retounen an Ayiti nan lane 1927, li te fonde ansanm ak Emile Roumer, Philippe Thoby-Marcelin, Carl Brouard, Antonio Vieux revi «Indigène» kote yo t ap pibliye powèm ak nouvèl.
Li te bay anpil kout men nan batay ki te genyen nan epòk la kont lokipasyon amerikèn (1915-1934). Epi l se fondatè mouvman ouvriye ak kominis ayisyen an. Devouman l ak detèminasyon l nan batay kont blan meriken ta pral pouse li fonde premye pati kominis ayisyen an, an 1934. Bagay yo pa t toujou koule swa pou li, yo arete l plizyè fwa jiskaske prezidan epòk la, Sténio Vicent ta pral fòse pran legzil.
Pandan tan li pase an egzil yo, li te tou pwofite mare zanmitay avèk anpil ekriven ak powèt etranje nan epòk la tankou Lanhston Hughes. Li te fè yon kout pye tou pou l al etidye nan Inivèsite «Columbia» nan «New york». Lè gouvènman an resi chanje, otorite peyi Dayiti yo te vin otorize l retounen nan peyi l, an 1941.
Nan menm ane li te retounen an, Jacques Roumain te rankontre Alfred Métraux. Se avèk li ak tout Rhoda Métraux li ta pral fè yon vwayaj sou zile Latòti, pou y al fouye rejyon Fòlibète nan sousi pou yo jwenn vestij endyen «Ciboney» yo.Se nan menm ane sa tou li ta pral fonde BNE (Biwo Nasyonal Etnoloji). Se li tou ki te premye direktè biwo sa.
Nan lane 1942, Jacques Roumain te goumen anpil kont kanpay anti-sipèstisye ki t ap fèt nan moman an. Se nan menm ane 1942 sa li ta pral akeyi pou premye fwa zanmi l Nicolas Guillén nan kapital peyi Dayiti a, Pòtoprens.
Ane 1942 sa te pote anpil bèl bagay pou militan an, se ladan l prezidan Élie Lescot ta pral nome l kòm “chargé d’affaires ” peyi Dayiti nan peyi Meksik. Se nan moman sa li te tou pwofite fini 2 nan liv li genyen ki plis enfliyan yo : yon rekèy pwezi ki se «Bois d’ébène» ak chedèv literati ayisyèn lan pako janm konnen an «Gouverneurs de la rosée». Yon liv ki ta pral vann tankou pate cho aprè premye ane li fin pibliye a : plis pase yon milye egzanplè te vann.
Prèske anndan tout travay Jacques Roumain yo, se fristrasyon ak raj yon pèp otorite yo ap woule nan farin k ap eksprime. Lè l ap ekri, li anbwase sosyete ayisyèn lan nan tout entegralite l epi li pote yon mesaj lanmou pou tout pitit tè sa k ap viv nan mizè depi digdantan. Zèv li yo pibliye nan plizyè lang.
Nan dat ki te 18 out 1944 la, 3 jou apre Roumain te soti rankontre kamarad kiben ak ayisyen li yo nan peyi Kiba, li vin mouri sou ti bout tè sa li te fèt la. Jis kounya pa gen moun ki janm konnen si se maladi ki touye l oubyen si se pwazonnen yo te pwazonnen l. Se yon paj ki rete san konprann nan lavi Jacques Roumain.
Kèk zèv Jacques Roumain pibliye:
- Mon ami Alcibiade, in La trouvée, 1927.
-Les fantoches, «Imprimerie de l’Etat», 1931.
-Analyse schématique, 1934
-Gouverneurs de la rosée,«Imprimerie de l’Etat», 1944.
-Bois d’Ébène, «Imprimerie Henri Deschamps».
-La montagne ensorcelée suivi d’autres récit, «Presse nationale».
-À propos de la campagne antisuperstitieuse, «Imprimerie de l’État», 1942.
Sous
-https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Jacques_Roumain
-La montagne ensorcelée suivi d’autres récit, «Presse nationale».
Chrisvinan Joseph (Christo)