Alexis Michel Justin Lhérisson wè jou 10 fevriye 1873 nan kè kapital peyi Dayiti, Pòtoprens, nan yon fanmi ki pat posede anpil richès.

Se nan menm lane sa tou 2 womansye ki ta pral fè pati mouvman « Génération de la ronde» la te pran nesans: Fernand Hibbert ak Antoine Innocent. Gras ak pwofesè li yo, Jules Moll ak Henri Vilain nan lise Petyon, Justin Lhérisson te resevwa yon fòmasyon akademik solid. Se sa ki ta pral pèmèt li jwe yon gwo wòl, malgre li te jèn anpil, nan evolisyon kiltirèl ak sosyal «Génération de la ronde» lan.
Depi a sèzan li te gentan jounalis , epi 10 lane aprè, li vin patwon près, pwofesè nan lise Petyon, jiris fòmasyon. Se nan moman sa yo li te tou fonde revi «La jeune Haïti» epi kèk tan apre li kreye kotidyen ”Le Soir”. Se ladan l tou li te tanmen pibliye ” Les premiers lodyans écrits ” avèk konplisite Fernand Hibbert nan lane 1899. Li se yonn nan ekriven Ayisyen ki travay anpil pou pèmèt sa nou rele ”Lodyans” lan pran chè nan Literati Ayisyen an.(Lodyans: yon estil atizay ki ta vle sanble ak kont)
Chak jou ki ap pase, Justin Lhérisson ap enpoze l an granmoun nan sèk literè yo. Li ap montre li se yon powèt ki gen yon valè wodpòte.
Nan lane 1903 li ta pral ekri powèm sa ki rele «La Dessalinienne», pou okazyon santenè endepandans ayisyen an. Fabre Nicolas Geffrard, pitit prezidan ayisyen ki te rele Fabre Geffrard a ta pral chante powèm sa e li te tou tounen im nasyonal peyi Dayiti. Nan menm ane sa tou Occide Jeanty ta pral mete powèm Oswald Durand ki rele «1804» la an mizik, li te tou sèvi kòm im prezidansyèl.
Justin Lhérisson pibliye 4 liv pwezi ki pa sispann fè kritik ak lektè yo pale de li: «Mirtha» an 1892, «Chants de l’aurore» ak «Passe-temps» an 1893 epi «Portraitins» an 1894. Li pa te sèlman yon powèt, se te yon womansye tou ki pibliye 2 woman ki rete jouk jounen jodi a kòm klasik. Kiyès ki pa konnen Istwa yon ti fi ki rele Zoune ki te abite kay marenn li tou piti. Men vin rive yon moman kote tete Zoune ap pran fòm pòm epi dèyè l menm ap souke debò. Bagay ki ta pral koz mari nennenn Zoune met lapat sou li… Ebyen se Justin Lhérisson ki ekri woman sa :«Zoune chez sa nainnaine» ak tout «La famille des pitite caille»
Lhérisson se yon ekriven ki rete jouk kounya yon moun ki pote yon gwo bourad nan literati Ayisyen an ak koze lodyans sa, lè nou konsidere pawòl Jacques Stephen Alexis[1] sou li :« Antre Lhérisson antre lodyans nan literati nou an fè renouvle woman ayisyen an, revolisyone an menm tan fon ak fòm tradisyonèl yo ak eksperyans senbolik popilè a. Sipò Lhérisson pote nan literati a, nou ka konpare li avèk rantre «jazz» nan mizik inivèsèl la… »
Li pat sèlman yon ekriven ki pote yon engredyen anplis nan literati ayisyen an , men li se yonn nan ekriven ayisyen ki pi orijinal. Nan tout listwa lèt ayisyen li se yon ekriven dimapa. Se pa pou sa li ap rakonte , men pou jan li rakonte yo. Li pa envante fason li rakonte a paske sa te deja nan tradisyon oral nou men li se premye moun ki te genyen chabrak ide sa pou te fè estil sa vin imòtèl lè li deside sèvi avèk li pou li ekri woman li yo[2].
Nan lane 1907, Justin Lhérisson ta pral mouri jèn ti gason avèk 34 rekòt kafe sou tèt li. Nan menm ane sa tou, 3 pèsonalite ki pral kite anprent yo sou tout XXe syèk ayisyen an ta pral pran nesans: 14 avril, François Duvalier, yon diktatè fewòs ki kontribye anpil nan kraze tout resous ekonomik, entèlektyèl… peyi a. 4 jen, Jacques Roumain, ekriven ayisyen ki genyen renome mondyal e ki make tout monn lan ak kokennchenn liv li a ki se «Gouverneurs de la rosée» epi tou, li se premye moun ki plante pati kominis an Ayiti. 19 jiyè, Paul Eugène Magloire, yon ansyen prezidan peyi Dayiti.
[1] Florilège du romanesque haïtien cité par Dieudonné Fardin dans «Cours de la littérature haïtienne»
[2] Dieudonné Fardin, Cours d’histoire de la littérature haïtienne, Tome III : les Romanciers de la Ronde
Sous
- Wikipedia
- Justin Lhérisson, La famill des pitite caille, Éditions Fardin; Collection du Bicentenaire.
26-11-2019
Chrisvinan Joseph (Christo)
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay .
@KreyoLiti pou yon politik Lengwistik ak jèvrin.