Kreyoliti
RIBRIK Pwovèb Kreyòl
Mache chèche pa janm Dòmi san soupe
Se yon pwovèb kreyòl, jeneralman nou itilize 2 fason, e nou souvan entèprete li konsa:
<>
Entèpretasyon 1. Lè yon moun pa fè respè li , li ap antre nan tout sa ki pa regade li.
Egzanp 1: Pyè toujou ap fouye bouch nan koze ki pa konsène li, li bliye si mache chèche pa dòmi san soupe.
Entèpretasyon 2. Li lyannen ak sa nou ka rele pèseverans ousinon rezistans. Tankou, lè Yon moun toujou ap chèche sa ki bon ki kapab ede li amelyore vi li.
Egzanp: Moyiz travay anpil Pou li reyisi , sa pwouve mache chèche pa janm dòmi san soupe.
Pss: Depi ou ap chèche ou pa ka pa twouve, kidonk ou pap dòmi san soupe.
25-10-19
Magloire Fabienne
@Kreyoliti pou Yon pi bon Kreyolizay
@Kreyoliti pou Yon politique Lengwistik ak Jèvrin