Nan ribrik sa nou pral fè yon ti pale sou nosyon varyant nan kreyòl ayisyen.

Kisa ki varyant lan ?

Anpil fwa nou konn ap pale ak yon moun, li di yon mo, li pwononse yon mo oubyen li ajanse mo yo yon fason ki diferan ak fason nou pale a, pafwa nou konn menm rive pa konprann sa moun nan di a. Anpil fwa nou konn panse moun sa pa pale kreyòl ditou oubyen li pa pale kreyòl byen. Pale diferan pa fin vle di pa pale yon lang. Nan tout lang gen sa. Pa gen yon modèl inik pou moun pale, paske fason yon moun pale depann de kote li soti epi tou nan ki moman nan istwa lang lan ou grandi. Diferan fason moun pale yon sèl lang yo rele varyant. An Ayiti nou gen 3 gwo varyant rejyonal : varyant nò, varyant sid ak varyant sant.

Nan kad ribrik sa n ap prezante mo “Kanistè” oubyen “kannistè”.

Kanistè

A) Definisyon : mamit, veso an metal osinon an fè kwit.

B) Egzanp : Prete m yon kannistè.

Nan rejyon sant lan (pòtoprens paregzanp) moun yo plis itilize mamit.

Ou konn anpil mo konsa pa vre ? N ap tann ou pataje yo nan kòmantè ou ap gen pou fè.

Sous : Fekyè Vilsen ak Mod Etelou. Diksyonè kreyòl Vilsen. Edisyon Areytos, petyonvil, 2005

17-10-2019

Marie Cadette Pierre-Louis

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay

@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin !

Categories: Uncategorized

1 Comment

Comments are closed.