Nosyon literè jounen an
Nan seyans pase a, nou te pale sou jan literè, kote nou te di kichòy sou jan naratif. Jodi a, nou ap kontinye ak estrikti naratif.
Lè nou di estrikti naratif, nou vle pale de baz chema yon istwa. Jeneralman, se eleman naratif yo ki defini li paske se evènman sila yo ki fè istwa a avanse yon fason lojik. Li menm pèmèt nou byen fè sènay istwa a, epi byen obsève fason narasyon an trete done fondalnatal resi a.
Si gen yon elatriye fason imajinè nou ka ekri yon resi, li posib pou nou distenge sekans oubyen pati ki souvan repete nan anpil lòt istwa.
Nan sekans sa yo, nou jwenn :
- Sitiyasyon inisyal(ki plase nan kòmansman), jeneralman se pati nan istwa kote otè a fè lektè a santi tout bagay poze, nan avanti lekti a nou nan yon sitiyasyon ki estab.
- Eleman deklanchè (pètibatè), se pati ki met bout nan estabilte ki nan kòmansman istwa a. Ladan li, souvan gen yon nouvo pèsonaj ki parèt, yon nouvo misyon oubyen yon katastwòf ki deklannche.
- Seri evènman naratif, nan pati sa, nou souvan jwenn yon seri chajman ki fèt britsoukou nan istwa a, gen dezekilib, gen evènman nou pat atann, gen transfòmasyon, konfli… pou konsekans, li anpile tout chanjman sa yo pou montre lektè a aklè chay tansyon ki nan tèks la ak sousi pou li mennen ansanm aksyon yo nan bra yon rezolisyon.
- Pawoksis (pi wo degre, pi gran moman nan pataj santiman ak pasyon, elatriye), se moman nan resi a kote tansyon ki charye tèks la rive nan dènye limit li.
- Denouman, se pa pati kote otè a fè lektè a santi yo jwenn yon solisyon pou ansanm entrig, tansyon oubyen konfli ki nan resi a.
- Sitiyasyon final, se pati kote lektè a santi gen nouvèl lòd ki etabli.
Ps : Li enpòtan nou fè ou konnen, gen otè ki varye sekans yo nan resi yo ap ekri. Yo konn fè sa pou yo kreye yon orijinalite. Nou ka pran Yanick Lahens, Louis Philippe Dalembert, Dany Laferierre… pou egzanp. Kidonk, li pa yon obligasyon pou swiv sekans yo jan nou elabore yo la.
@KreyoLiti, pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti, pou yon politik lengwistik ak jèvrin.
12-19-2019
Marvens JEANTY