Kontèks


KreyoLiti, literati an kreyòl, se yon platfòm ki fòme ak yon gwoup pwofesyonèl nan domèn lengwistik ak literati , nan kapital peyi dAyiti, nan ane 2019. Platfòm sila bay tèt li misyon sèvi pon ki ap fasilite literati rive jwenn tout moun alawonnbadè. Pou sa, li anvayi tout rezo sosyal yo epi ofri piblik la yon elatriye ribrik ki ap pèmèt yo konnen epi dekouvri anpil kichòy sitou nan domèn literati ak lengwistik.


KreyoLiti pa konte rete nan nivo yon senp platfòm, li vle reprezante prensipal espas kote tout moun, sitou sila ki renmen liretati ak lengwistik, ap ka kwaze pou pataje kichòy nan seri aktivite kiltirèl, konferans li ap genyen pou nou òganize.


KreyoLiti pa vle pwomèt, men li ap miltipliye kouraj li pou li monte yon ekip ki ap la pou tradwi anpil tèks ki ekri nan lòt lanng an kreyòl ayisyen. Konsa, plis moun ap jwenn, e nou ap menmen politik lengwistik la pi byen toujou.
Yonn nan nannan motivasyon Kreyoliti, se pa diskrimine okenn lanng, men se evite diskou epilengwistik yo, epi montre liretati pa gen baryè, li pa gen espas jewografik , li ka fèt nan tout lanng. E, plis literati yon pèp fèt nan lanng li, se plis li ap gen lanmou pou li, se plis li ap konn valè li ak bèlte li.

KreyoLiti
Pou yon pi bon kreyolizay, pou yon pi bon plitik lengwistik.

Marvens JEANTY