Nosyon literè jounen an
Pèsonaj
Apre nou fin pale sou jan ak estrikti literè, nou rete kwè li enpòtan pou nou ta pale sou yonn nan eleman prensipal tout narasyon. Eleman sila se « pèsonaj ».
Jeneralman, nou genyen kat (4) tip :
- Pèsonaj prensipal : li gen gwo enpak sou ansanm evènman nan resi a. Li se pivo tout lòt pèsonaj yo. Li souvan plis kapte atansyon lektè a akoz kalite aksyon li ap poze.
- Pèsonaj segondè : Li parèt dèyè pèsonaj prensipal la nan dewoulman ansanm evènman yo. Li mete ewo tèks la oubyen pèsonaj enpòtan an valè, pafwa li met tou de (2) an valè. Li prezan nan resi a nan moman egzat otè a vle li a.
- Pèsonaj enpòtan : Li parèt nan resi a tankou yon moun ki pa ka pa la. Li gen enfliyans ousinon pouvwa sou tout sa ki konsène pèsonaj prensipal la. Li ap swiv pèsonaj prensipal la nan tout resi a.
- Pèsonaj figiran (pèsonaj akseswa): Li pa vrèman parèt nan dewoulman evènman yo. Yo senp pale de li pandan yon ti kras tan. Li plis parèt nan dekò resi a pou ka kreye anbyans oubyen ajoute aparans verite (vrèsanblans).
Jan nou fè santi sa nan entwodiksyon an, yon pèsonaj se sant enterè yon istwa. Nou ka abòde yo plizyè fason, epi fè deba sou entansyon yo nan tout resi a. Sepandan, lè nou ap analize pèsonaj nan yon istwa, gen twa (3) kesyon pou pi piti nou dwe chache byen reponn.
1- Kiyès pèsonaj sa yo ye ?
2- Kisa yo vle ?
3- Kisa yo reprezante ?
❖ Pou nou reponn premye entèwogasyon an, nou dwe bat pou nou prije resi a jouk nou jwenn tout enfòmasyon yo bay sou pèsonaj yo. Enfòmasyon tankou : laj yo, estati sosyal yo, trè karaktè yo, pase yo, fanmi yo, zanmi yo, elatriye.
❖ Pou sa ki konsène dezyèm entèwogasyon an,li enpòtan pou nou konnen, aksyon pèsonaj yo poze, sitou aksyon pèsonaj prensipal yo, se souvan yon kèt ki akouche yo, swa sou lòd dezi yo oubyen volonte yo. Se kèt sila ki detèmine tout sa pèsonaj yo ap gen pou fè, e se ansanm aksyon sa yo menm ki reprezante motè istwa a. nou dwe santi gen yon rapò dinamik ki tabli ant sa ki pa ale nan menm liy ak kèt la ( ènmi, obstak materyèl, elatriye) ak sa ki la pou ede yon pèsonaj jwenn sa li vle a (zanmi, kalite, zam, fòtin, objè ki gen valè, elatriye).
❖ Pou nou byen fè sènay twazyèm entèwogasyon an, li bon pou nou konnen dèyè chak pèsonaj se souvan la entansyon otè a kache. Pèsonaj yon istwa se yon moun otè a akouche sou papye, e ki souvan gen yon egzistans ki pa fin reyèl. Poutan , yo enteresan anpil paske yo reflete sa moun ye. Li enpòtan tou pou nou pa trete pènosaj yon istwa tankou yon moun ki ta egziste tout bon nan lavi reyèl la, men li bon pou reflechi sou valè senbolik li. Pou sa, fòk nou byen gade ki tip moun pèsonaj la reprezante, e ki aspè nan kondisyon moun li ap vann, temwanye, oubyen revele.
@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.
13-10-2019
Marvens Jeanty