Nan orijin li, Panas la dezinye yon mòn peyi laGrès ki te la tankou yon sous enspirasyon pandan yon bon ti tan. Apre, li te vin dezinye yon gwoup powèt ki opoze kareman prensip mouvman Womantis la, e ki te ap prepare yon fason tounèf pou fè pwezi daprè prensip yo ki se « l’art pour l’art » « tout lavi zèv la chita nan bèlte li ». Pawòl selèb Theophile Gautier a ‘’ Vrè bèlte a kache nan tout sa ki pa sèvi anyen yo’’ konfime ideyoloji Panas la . Touswit apre mouvman sila kouran Senbolis la wè jou.
Doktrin Panas la : Refi liris, refi kominikasyon sou santiman entim, retou sou pase mitik (pwezi sou mit, sivilizasyon peyi etranje, disparisyon), onè pou fòm ak bèlte, onè pou pèfeksyon, gou pou pwezi deskriptif.
Estil Panas la : ekriti powetik ki privilejye bèlte, fòm tankou sonè , balad ak wondo, presizyon sou mo, jwèt sou sonorite ak imaj.
Tèm abòde : lanati tankou yon penti, rechèch sou amoni, koulè ak reflè, enspirasyon ki soti nan Akeyoloji ak Antikite.
Jan konsène : Pwezi
Dat (anviwon) : 1850-1860
Otè kle:
– Théophile Gautier (1811-1872)
– Leconte de Lisle (1818-1894)
– J-M de Hérédia (1842-1905
Sous : www.lettres.net
Marvens JEANTY
07-05-2020
Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay
Kreyoliti pou yon politik lengwistik ak jèvrin