Nosyon literè jounen an:

Kad kontèkstyèl nan narasyon

Toujou nan sousi pou nou ede ou dekouvri eleman esansyèl nan analiz tèks naratif, apre nou fin prezante ou tèm « pèsonaj», nou kwè li enpòtan pou nou kontinye ak eleman nou rele « kad kontekstyèl » la. Nan nenpòt resi a, entrig la ap dewoule, e ansanm pèsonaj yo ap evolye nan yon kad kontekstyèl egzat, nou menm ki ap mennen yon analiz sipoze ka rekonèt epi byen entèprete.

Nan kad kontekstyèl, nou jwenn jeneralman “kad tanporèl” ak “kad espasyal”.

Nan kad tanporèl la nou detèmine moman ansanm aksyon yo poze ( epòk, ane, sezon, mwa, jou, lè, elatriye.) epi dire yo (de “2” zan, yon “1” mwa, “1” jou, elatriye).

Pou sa ki konsène kad espasyal la, li enpòtan pou nou ka jwenn eleman ki voye nou dwat nan espas dramatik la (kote istwa ap dewoule a) : kontinan, peyi, vil, lakanpay, kote anndan/kote deyò, pyès kay ki ouvè/pyès kay ki fèmen, anba lakay, elatriye. Se yonn nan rezon ki fè, diferan ak sinema ki souvan gen tandans plase aksyon yo nan yon espas byen detèmine, nan resi a li pa twò nesesè pou yo dekri ansanm kote istwa ap dewoule a. Men, endikasyon ansanm kote yo enpòtan anpil paske yo pa inosan.
Lè nou ap etidye ansanm ‘kote” nan yon narasyon,
li enpòtan anpil anpil pou nou swiv twa “3” etap sa yo:
14-10-2019
Marvens Jeanty