KreyoLiti

Ribrik varyant mo

Nan ribrik sa nou abitye pale sou sa ki gen pou wè ak nosyon varyant nan kreyòl Ayisyen. Nou te wè nan yon lang chak moun ka pale yon fason ki diferan ak yon lòt , se sa yo rele nan sosyolengwistik “idyolèk” la ; e nou te wè tou gen varyant rejyonal, sa vle di yon rejyon ka itilize yon mo epi yon lòt rejyon itilize yon lòt pou li dekri menm reyalite a. Sosyolengwis yo rele sa a rejyolèk.
Rejyolèk la se li ki bay moun plis pwoblèm , e se li tou ki fè yo konn di moun lwès pa pale kreyòl tout bon, se moun nò ki pale li. Nou konn tande yo di moun andeyò yo pale kreyòl pi byen pase moun ki nan kapital la. Yo di se de lang diferan. Men non ! Pa okipe pèsòn ki vle fè ou kwè diskou sa a ! Se vre gen yon gwo diferans ant varyant yo, men sa fè pati lang kreyòl la menm jan ak tout lòt lang sou latè.

Men , se Ki kote diferans sila a chita ?
Gen yon ansanm ekspè ki ta vle fè konprann se nan fòm varyant ki egziste nan rejyon yo li chita.
Fòm varyant ! Men se kisa sa ye menm ?
Nou ap presize gen twa gwo kategori varyant rejyonal , yo gen divès fòm oubyen ti kategori ki kalifye yo se sa yo rele Varyant leksikal, fonolojik, gramatikal . Yo menm konn pale de varyant semantik tou nan ka kote grafi mo a pa chanje , soti nan yon rejyon pou rive nan yon lòt epi sans lan chanje.
Kidonk , lè se mo yo ki varye nan yon zòn pou rive nan yon lòt yo rele li varyant leksikal ; lè se son yo, ekspè nan fonoloji yo rele li varyant fonolojik , epi lè se eleman gramè yo ki chanje, moun ki ap travay nan gramè lang rele li varyant gramatikal.

Men ou pa ko ka fè diferans lan , e pa vre ! Ebyen swiv egzanp nou bay pi ba yo apresa chèche kèk mo pou ou ka antrene.

Varyant leksikal :
Nò : kawo
Lwès : Fè
Sid : Kawo

Varyant fonolojik :
Nò : Semityè
Lwès : Simityè
Sid : Senmityè

Varyant gramatikal :
Nò : Pitit an mwen ( kontr : Pit an m)

Lwès : Pitit pa mwen an ( Kontr : Pitit pa m)

Sid : Pitit pa mwen an ( Kontr : Pitit pa m)

Ou ka fè diferans lan kounya ! Ebyen chèche kèk lòt mo pou ou te antrene epi pataje avè nou nan kòmantè yo.

31-10-2019
Romy Jean Francoi. ( Ti ben’so)

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay
@KreyoLiti pou yon politik Lengwistik ak jèvrin.


8 Comments

Comments are closed.