KreyoLiti

Ribrik otè jounen an 

 René Philoctète, powèt, dramatij, womansye. Li  fèt 16 novanm 1932 nan vil Jeremi. Yon vil ki gen ti non jwèt : ‘’ Vil powèt yo’’. Pou repitasyon li genyen nan boujonnen powèt wodpòte tankou : Alibée Féry, Etzer Vilaire, Edmond Laforest, Jean Brierre, Syto Cavé, Paul Laraque, Serge Legagneur ak anpil lòt ankò. 

Philoctète se te yon gwo aktivis. Li te fonde ansanm ak Jean-Claude Fignolé epi Frankétienne mouvman «  Spiralisme »  lan ; li se manm fondatè mouvman Haïti Littéraire ki te ap devlope nan lanne 1960 yo avèk Anthony Phelps, Roland Morisseau, Serge Legagneur, Davertige ak Auguste Ténor ; li te pwofesè Literati tou nan kolèj Jean Price Mars li te ap dirije avèk zanmi li Jean-Claude Fignolé ak Victor Benoit.

Powèt jeremyen an se yonn nan ekriven ki plis make pwezi 20e syèk ayisyen an. Avèk frè li Raymond (jounalis epi kritik) li te angaje li nan yon pèspektiv pou yo reli tout gwo zèv klasik Literati ayisyen an. An menm tan tou, René se te gwo fanatik Rimbaud. Se yon powèt ki te fè pwezi yon espas pou l konbat, pou l preche lanmou ak solidarite.

Zèv li yo se yon pwomès sou tan an, sou fanm ak gason, se yon chan sou bèlte ki pap janm fini. Nan lanne 1960, zanmi li Gerard Résil (yon nonm ki te ap fè teyat), ankouraje li, fè li vin devlope yon gwo pasyon pou teyat. Ebyen, se sa ki ta pral pouse li tanmen ekri, jwe pyès teyat nan kapital peyi Ayiti a ki se Pòtoprens. Nan epòk sa yo, li pa te ko koumanse ekri woman, se jis apre 1980 li ta pral lanse li ladan li avèk premye woman l ki se : Le huitième jour. Woman ki ta pral pran « Prix de l’an  2000 ». Li te tou tanmen yon zèv powetik an kreyòl avèk kèk tèks li te ap pibliye nan revi, kotidyen Le Nouvelliste.

« Le peuple des terres mêlées » se dezyèm woman li : yon woman powetik ki soti nan menm fanmi, daprè Ulysse Pierre Louis, ak ‘’Gouverneurs de la rosée’’ (Jacques Roumain) epi ‘’Les arbres musiciens’’ (Jacques Stephen Alexis). Se yon woman ki gen yon tandrès san parèy landan li kote moun yo trè anime, langaj yo entèpenetre epi lanmou yo pataje, si nou konsidere pawòl Rodeney ST ELOI sou tèks sa. Nan lanne 2004, Mireia Porta tradwi woman sa nan lang espanyòl (Perejil). Nan lanne 2005, ekriven Linda Coverdale tradwi li an anglè (Massacre river) avèk prefas Edwidge Danticat epi yon entwodiksyon Lyonel Trouillot te fè pou li. 

René Philoctète pa te sèlman yon moun ki te ap milite nan domèn literati a, li se yon moun ki te angaje li ak tout fòs li nan lavi politik peyi li. Se yonn nan ekriven ki te kanpe tennfas douvan tantasyon totalitè sa ki te ap menase ti van demokrasi ayisyen an apre deboulonnay rejim bout di Duvalier yo. Li te fè pwezi li yo tounen yon zam pou goumen kont vyolans ak diktati a ki t ap pran chè. Nan jounal Le Nouvelliste, li te gen yon Kwonik kote ak yon kout plim piman bouk li te ap denonse betiz ak politisyen abolotcho ki te ap pwofite peyi a.

Philoctète te tèlman atache ak tè sa kote kòd lonbrik li tere a, li vwayaje sèlman 2 fwa pandan tout lavi li ; nan lane 1966, li te al Québec kote li te rejwenn zanmi yo nan Haïti Littéraire. Men, li pa t fè anpil tan. Li jis pase 6 mwa epi li retounen. Se nan menm 6 mwa sa tou li te pwofite ekri :’’ Ces iles qui marchent’’. Lòt fwa li te kite Ayiti se ta pral pou yon semèn : li te al resevwa nan peyi Ajantin « Prix du parlement »  argentin nan lanne 1992. Apre sa, li pase tout tan li sou ti bout tè sa zansèt yo te goumen kite pou nou an ap preche lanmou, solidarite ki ta dwe genyen nan mitan 2 pèp sa yo (Ayiti ak Repiblik Dominikèn) ki ap viv sou yon sèl zile (2 nasyon, 1 zile !Poukisa se pa yon sèl pèp ?). René Philoctète te pataje tan li ant literati, politik epi ansèyman.

Nou ka gen dezakò sou tout bagay men sa nou sèten sou li : lanmò se yon kafou nou pa ka evite. Ebyen se konsa, nan dat 17  jiyè 1995 lan, René Philoctète ta pral vale dènye gout saliv li nan Pòtoprens. Pwezi li a enfliyanse anpil jèn powèt ak ekriven. Poutan, malgre tout grandè zèv li yo genyen nan je kritik literè ayisyen yo, sa pa te anpeche yo pa te vrèman rekonèt li sou lòt teritwa etranje yo. Nan sousi pou konble vid rekonesans sa, Lyonel Trouillot te rasanble kèk tèks li pou pibliye nan edisyon « Actes Sud »  nan lanne 2003 nan yon antoloji powetik.

Zèv prensipal René Philoctète

Woman

– Le huitieme jour. Pòtoprens : edisyon l’an 2000, 1973
– Le peuple des terres mêlées. Pòtoprens : Deschamps, 1989 ; Paris :CareOf Publishing, 2018.
– Une saison de cigales. Pòtoprens : edisyon Conjonctions, 1993.
– Entre les saints des saints. Pòtoprens : C3 edisyon, 2016 ; Paris : Le temps des cerises, 2017.

Pwezi

– Saison des hommes. Pòtoprens : s.n., 1960.
– Margha Pòtoprens : Art graphique pressse, 1961.
– Les tambours du soleil. Pòtoprens : imprimerie des antilles, 1962 ; Faubert Bolivar te jwe l Pòtoprens nan lanne 1999.
– Promesse, Pòtoprens : s.n., 1963.
-Et caetera. Pòtoprens : s.n., 1967 ; Pòtoprens : Atelier Fardin, 1974.
– Ces iles qui marchent. Pòtoprens : Spirale, 1969 ; Pòtoprens : edisyon Mémoire, 1992.
– Herbes folles. Pòtoprens : s.n., 1982.
– Ping-pong politique : Pòtoprens : s.n., 1987.
– Caraïbes. Pòtoprens : s.n., 1982 : Pòtoprens : edisyon Mémoire, 1995.

Nouvèl

– Il faut des fois que les dieux meurent (Nouvèl ak resi). Pòtoprens :s.n., 1992.

Teyat

– Rose morte. Pòtoprens : 1962, tèks sa mimografye.
– Boukman, ou le rejeté des enfers. Pòtoprens : 1963, tèks sa mimografye.
– Escargots. Pòtoprens : 1965, tèks sa mimografye.
– Monsieur de Vastey. Pòtoprens : edisyon Fardin, 1975.

Diskografi

– « Margha » ak « Psaume » se powèm René Philoctète, Pierre Brisson anrejistre sou CD (Volim 1). Pòtoprens :pwodiksyon Batofou, 2004.

Sous

– Ile en ile
– Le Nouvelliste
– Liv René Philoctète yo

29-10-2019

Chrisvinan Joseph (Christo)

@KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay

@KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.