Ayiti : antèman ayè, yon tradisyon ki ranplase. Kout je sou komin Wanament.

Plan atik la

-Entwodiksyon.
-Pòtrè ‘’potè mò’’ ak deskripsyon sèkèy.
-Dewoulman antèman an.
-Kèk nan chante ki konn chante nan antèman yo.
-Konklizyon

Entwodiksyon

Si gen yon mo ki nan bouch tout moun nan moman sa li pa lòt, se ‘’kowona.’’ Maladi sila ki vin mete nou nan yon sitiyasyon nou pa te konn ye anvan, kote nou oblije rete lakay nou tout lasentjounen. Konfinman sa mete yon santiman nuizans, yon estrès etranj lakay tout moun, sa ki lakòz chak moun ap chache yon fason pou chase estrès sila. Se konsa nan dènye tan sa yo nou wè anpil ti videyo k ap fè laviwonn rezo sosyal yo kote chak fwa yon moun sibi yon gwo chòk oubyen yon aksidan ou wè plizyè jenn gason k ap pote yon sèkèy pandan y ap danse kòmsi se antèman moun nan k ap fèt. An reyalite se yon kolaj ki fèt ant plizyè videyo nan fason pou mete gou, fè moun ri paske ri a ede nou chase estrès, tristès, elatriye. Men sa ki plis atire atansyon nou se jan videyo sa yo montre nou yon reyalite antèman ki ta genyen nan peyi afriken yo. Sa vin pouse nou fè yon ti bak nan pase ayisyen pou n gade kijan sa te konn fèt lakay nou tou . Se tout enterè nou nan atik sa ki ap chita sou esperyans pèsonèl nou ak temwayaj kèk ansyen sou jan sa te konn fèt nan zòn lakay nou, espesyalman nan komin Wanament.

Pou nou rive fè sa, n ap fè yon kout pòtrè pèsonaj prensipal oubyen nou ta ka di moun ki se vedèt seremoni an, eseye ede lektè nou yo gen yon ide tou sou fason sèkèy yo te konn mete mò yo te prezante. Answit n ap fè yon ti pale ki pa twò long sou kijan seremoni antèman oubyen fineray la te konn fèt. Pou fini, n ap prezante pawòl kèk chante potè yo te konn chante pandan tout pakou antèman an.

Pòtrè « potè mò » yo ak deskripsyon sèkèy.

Pa twò lontan, antèman nan peyi m te konn fèt yon fason ki diferan de jan l ye jodia. Nan epòk sila machin pa t konn pote mò nan antèman. Se te sitou yon ansanm moun yo rele « potè mò » ki te konn gen responsablite sa. Potè sa yo se te souvan jenn gason men pafwa konn gen yon grenn fanm nan mitan yo tou. Yo pa t konn mete inifòm sou yo. Bout pantalon, « bata lenbe » nan pye yo oubyen pye atè, do toutouni oubyen yon chemiz ki prèske pa gen bouton yo mare 2 pwent li pa anba nan nivo senti yo. Potè sa yo pa te konn touche lajan pou travay sa. Se moun ki renmen sa y ap fè a anpil e yo fè l ak kè kontan. Sèl rekonpans yo se kleren pou yo bwè pandan tout pakou antèman an.
Yo toujou di moun pa dwe janm di sèkèy bèl paske sa ka rale lanmò, men lè n ap gade sèkèy jounen jodia nou ka di sèkèy yo te pote mò lontan yo te senp anpil. Kontrèman a jodia, kò sèkèy nan epòk n ap pale a te konn kouvri ak twal vlou, oubyen yo sire oubyen yo pentire. Yo te toujou gen yon fòm tou long, yo pa t konn gen « pwanyè » pou leve yo. Se sa ki fè potè yo te toujou gen 2 bwa long yo pase anba sèkèy la pou yo leve l.

Dewoulman antèman an

Kòm nan moman sa mòg pa te twò alamòd, lè yon moun mouri yo te konn enstale l lakay li. Aprè vèy la fin chante nan aswè, yo leve demen maten pou al antere l. Si mò a te moun legliz, avan yo al antere l, kèk fidèl oubyen yon gwoup nan legliz la chante epi fè yon priyè pou li. Apre sa 4 potè leve mò a 2 pye devan mete nan sèkèy la epi yo leve sèkèy la ak 2 bwa yo epi yo fè « 3 Sali » avan yo deplase avè l. 3 Sali a se yon rityèl ki sanble tèt koupe ak sa nou konn rele « onondipè » oubyen siy lakwa kote yo leve sèkèy la anlè epi yo balanse l agoch epi adwat. Apresa yo deplase nan yon rit ki sanble yon gwo anbyans. 2 devan epi 2 dèyè, chak potè sa yo gen yon pwent bwa a ki pase anba sèkèy la sou zepòl oubyen sou bwa yo. Lè nou byen reflechi, nou ka di potè sa yo te jwe alafwa wòl fanfa paske c yo ki bay rit pou moun avanse epitou wòl transpò. Pandan yo prale y ap chante, y ap danse. Yon ti moman yo kage dèyè, yo ale agoch adwat. 2 moun ki nan bò goch yo pouse bò dwat yo nan kwen epi bò dwat la fè menm jan an tou. Yon ti moman apre pandan yo prale 2 moun ki devan yo kage kò yo dèyè kòmsi yo pa anvi avanse. Se sa ki rele « jouke mò » a. Pafwa fanmiy mò a konn fache jouk yo kriye pou yo di potè yo sispann fatige mò a. Potè yo menm pa fè pedka de sa moun ap di, se plezi a k ap kontinye. Dayè yonn nan chante yo te renmen chante montre a klè se plezi a ki konte pou yo :

“Yo kit diri ay manman
Yo pa ban wen ay manman
Yo kit sòs pwa ay manman
Yo pa ban wen ay manman
Mèt a mò se ou ki nan lapenn
Mwen se potè sa pa di m anyen’’

Yon pakou ki te ka dire 20 minit ka pran plis pase dezèdtan tèlman plezi a rèd. Detanzantan yo mete mò a atè pou yo pran yon kout kleren paske se gwòg la ki estimile yo. Si jamè kleren an ta fini yo met mò a atè jiskaske yo al achte kleren pote ba yo sinon mò a p ap rive nan simityè a. Kòm toujou gen potè an rezèv yo fè travay la pa relèv. Men gen nan yo, nan lide pou montre se yo ki pi gwo potè, ki pa konn dakò moun ranplase yo. Menm jan yon jwè konn pa dakò soti nan yon match. Lè yo resi rive nan simityè a, fidèl yo chante ankò epi yo fè yon dènye priyè pou mò a avan yo mete l nan twou.

Kèk nan chante ki te konn chante nan antèman yo

1-‘’Lè manman m mouri mezanmi
Kiyès m a rele mezanmi
M a rele Titit mezanmi
Vin pote m sekou mezanmi
Ayayay mezanmi
Vin pote m sekou’’

2-‘’Gad on kafou
M pral janbe
Me yonn ankò
M pral janbe
Gad on kafou
M pral janbe, m pral janbe, m pral janbe’’

3-‘’Me manje w me manje w
Bawon me manje w
Me manje m pote ba ou
Bawon me manje w’’

4-‘’Depi vye papa mouri
Bitasyon an tonbe, bitasyon an tonbe, bitasyon an tonbe
Depi vye papa mouri
Bitasyon an tonbe, bitasyon an tonbe, bitasyon an tonbe’’

Konklizyon

Jan nou te di li deja nan entwodiksyon an, nou te vle fè yon ti kout je nan pase nou pou nou reyalize gen kèk bagay nan tradisyon nou yo ki pa egziste ankò. Travay nou an te chita sèlman sou fason nou te konn fè antèman e li te baze tou sou reyalite ki te genyen nan komin Wanament. Nou pa ka pretann nou te pran tout aspè kesyon an. Dayè nou pa t menm eseye wè ki rezon ki ta ka lakòz tradisyon sa pa egziste ankò. Nou pa ka di tou si sitiyasyon sila a menm jan tout kote nan peyi a. Kapab toujou genyen lòt zòn nan peyi a ki kenbe tradisyon sa.
Granmoun lontan toujou renmen di pwovèb sa : « piti piti zwazo fè nich». Menmsi yo souvan itilize l nan yon espri pozitif, sa pa anpeche li tradui tou yon reyalite k ap devlope e okenn nan nou pa te swete. Menm jan lòt la ta di sa :
Tradisyon yo fin ale !

Wislin Lorméus (Otè envite)

Memoran Fakilte Lengwistik Aplike

24-04-2020

KreyoLiti pou yon pi bon kreyolizay

KreyoLiti pou yon politik lengwistik ak jèvrin.