Figi estil jounen an
Yon figi estil se yon pwosede ki la pou rann nenpòt sa yon lokitè vle di pi ekspresif, pi enpresyonan, pi konvenkan, pi bèl. Nou itilize li nan literati, nan bon diskou, men tou, nan langaj nou itilize pi souvan an. Nou ka di tou, yon figi estil pèmèt nou kreye efè sou destinatè tèks la, menm si li oral oubyen ekri.
Figi estil ki fèt ak pwosede analoji (yo pèmèt nou kreye imaj nan diskou a)
Konparezon : figi estil sila la pou tabli rapò resanblans nan mitan de eleman nou rele « konpare ak konparan ». rapò sila souvan tabli ak zouti konparezon, tankou : pi piti pase, pi gran pase, tankou, menm jan, sanble , parèy , ou ta di…
Egzanp : Tè a ble tankou zoranj (Eluard).
Nan egzanp sila, “tè” se sa nou rele konpare a, “zoranj” lan se sa nou rele koparan an
Se te KreyoLiti !!!
Marvens Jeanty